Chèf Gouvènman CARICOM yo pran desizyon sou deplasman lib tout sitwayen peyi CARICOM apati mwa mas 2024, ki pwale pi lwen pase rejim yon Sèl Mache ak yon Sèl Ekonomi, ki ap gen deplasman lib pou kèk moun ki nan kategori metye ke gwoup la aksepte.
Nan menm Rankont sila Premye Minis zile Barbad, Mottley, te fè wè tou ke Chèf Gouvènman yo dakò ak demann gouvènman Ayiti a fè pou peyi li pa patisipe nan mouvman deplasman lib la akòz sikonstans Eta Manm sa a ap travèse.
Ministè Afè Etranjè Ayisyen an pibliye yon nòt kote li demanti ke yo te mande pou retire patisipasyon li nan akò mouvman lib la, li di yo te sèlman fè lidè CARICOM yo konstate ke Ayiti pap ka ranpli kondisyon yo imedyatman.
Nòt la ki parèt sou paj rezo sosyal ministè a di:
“Ministè Afè Etranjè peyi a fè piblik la konnen nan okazyon 45èm reyinyon Chèf Deta ak Gouvènman Kominote Karayib la (CARICOM), ki te fèt Trinidad Tobago, 3-5 Jiyè 2023, Premye Minis Dr Ariel HENRY pa janm mande pou wete peyi nou an nan dispozisyon ki nan trete ki pèmèt moun deplase lib nan espas kominote a. Li sèlman te moutre ke Ayiti pa kapab ranpli kondisyon yo imedyatman.
Depi li te moute nan pouvwa a, gouvènman an travay pou ranfòse relasyon peyi nou ak CARICOM. Premye Minis Dr Ariel HENRY pran yon seri aksyon pou fasilite Ayiti entegre pi fon nan enstitisyon sa a.
Sou yon total vennsis (26) enstriman legal CARICOM, Ayiti reponn sèlman douz (12), pami yo 6 ki ap tann ratifikasyon palman anvan yo antre an vigè. Nou ta dwe remake ke gouvènman aktyèl la depoze sèt (7) nan enstriman sa yo.
Se pou nou kontinye sou menm chimen an pou ke nan yon tan ki pa twò lwen peyi nou an ka ranpli tout egzijans ki fèt pou li rantre nan sa ki rele Yon Sèl Mache ak yon Sèl Ekonomi CARICOM, ki gen abreje nan lang angle CSME (Caribbean Single Market and Economy).