Repiblik Dominikèn Rejte Akizasyon Etazini Komkwa li Maltrete Kèk Touris Ameriken

Foto Achiv: Pasaje nan ayewopo entenasyonal Santo Domingo, Repiblik Dominiken.

Repiblik Dominikèn rejte ak tout fos li akizasyon responsab Ameriken yo kote yo denonse swadizan "inegalite tretman ki baze sou koulè po" touris Ameriken anba men sèvis imigrasyon peyi a.

Ministè afè etranje Dominiken an di li esperpe Washington pral wetire "kominike anbigu" anbasad Etazini te difize Samdi ki sot pase a.

Nan kominike sa a, anbasad Amerikèn nan te di vwayajè siyale ke otorite imigrasyon yo retade vwayaj yo, arete yo oubyen entewoje yo akoz koulè po yo. Anbasad la kontinye pou di rapo sa yo ke li resevwa sou tretman inegal sitwayen Ameriken bo kote otorite Dominiken yo se yon preyokipasyon pou anbasad la.

Repiblik Dominikèn rejte akizasyon sa a.

Li reponn: "Gouvènman Ameriken an pa founi okenn prèv anpil de anekdot san verifikasyon endepandan, ke vreman vre nap vyole sistematikman dwa migran yo."

Kominike Ministè afè etranje Dominiken an ajoute "Menm jan ak tout kote, gen ka izole. Si yo te siyale ka sa yo bay otorite konpetan yo nou ta mennen ankèt epi pran sanksyon."

Otorite Dominiken yo presize teks Anbasad Amerikèn nan frajilize "ekselan relasyon" bilateral ki egziste ant peyi yo. Yo di:
"Gouvènman Dominiken an pata janm imajine ensinuasyon grav konsa kont peyi nou, kote plizyè ras ap viv ansanm. Ale wè pou akizasyon zenofobi ak rasism pa rapo ak migran ak kèk sektè popilasyon an."

Repiblik Dominikèn siyale ke Etazini depote plis pase 20,000 Ayisyen.

"Men jan ak tout peyi souvren ki rapatriye popilasyon etranje ki nan sityasyon migratwa iregilye, ladann gen Etazini, Repiblik Dominikèn oblije ekspilse yon pakèt Ayisyen."

Repiblik Dominikenn adopte yon atitid pi sevè vizavi migran Ayisyen yo, e lap konstwi yon rido ak fil de fè sou fwontyè li ak Ayiti pou anpeche Ayisyen chankre lakay yo.

Dapre kèk done, gen yon afè de 3 milyon emigre Ayisyen kap viv nan peyi a. Chif ofisyèl la, se 500,000.