MIAMI - Yo te resevwa lod pou yo abiye an nwa epi kite telefon yo ak nempot ki lot dokiman ki ka idantifye yo tankou paspo yo dèyè.
Gwoup 2 douzèn Ayisyen yo - plizoumwen - te dekole sou yon ti bato depi Repiblik Dominikèn pou y'al Potoriko ak yon distans 128 kilomèt konsa e pou yo rive la fok yo te travèse pasaj danjre Mona a.
Vwayaj la fèt nan komansman mwad Mas la. Pèson poko janm pran nouvèl pasaje sa yo depi lè a.
Disparisyon gwoup la rete yon mistè ak yon sous anksyete pou fanmi yo ki refize aksepte yon bato chaje ak moun taka disparèt. Ajans ki konn fè patwouy nan zon nan - Gad Kot la ak La Dwan ak Pwoteksyon Frontyè Etazini, La Marin Dominiken - okenn nan yo pa gen okenn dosye sou yon bato konsa ki ta charive sou lanmè a.
"Moun yo disparèt e pèson pa prete okenn atansyon," Mozeline Bauvais, 48 an, yon enfimyè ki rete Filadèlfi ki pèdi yon bèlfi li ki te gen 20 an e ki rele Fedena Louis Jeune, ki pami moun ki disparèt yo. "Yo se jèn fi, yo se jèn gason ki nan 20èn yo. Yo se manman pitit ak ti bebe."
Moun ki disparèt yo pami dè milye Ayisyen ki pran lanmè akoz dezespwa yo pandan mwa ki sot pase yo. Se pi gwo kantite moun ki kouri kite Ayiti depi egzod ane 2004 la. Malgre pi fo pami yo dekole depi kot nodwès Ayiti pou y'al nan direksyon ti zile ki sou kot eta Florid yo, gen anpil lot ki pase pa Repiblik Dominikèn kote yo peye kontrebandye pou mete yo sou bato pou al Poto Riko. Depi mwad Oktob la, Gad Kot Etazini entèsepte plis pase 5,300 Ayisyen sou lanmè.
Pèsonn pa konnen konbyen moun eseye fè trajè a san yo pa janm rive. Sèl sa ki sèten, dapre otorite Ameriken yo se ke souvan moun kap fè vwayaj sa yo mouri.
Beauvais di dènye fwa li te pale ak pitit fi li sete 27 Fevriye. Louis Jeune pat bay okenn endikasyon li tap planifye pou'l antreprann vwayaj danjre sou lanmè a pou ale Ozetazini. Beauvais di li vinn aprann nouvèl la apre zanmi pitit fi li rele'l pou di yo pat pran nouvèl la. Apre li te poze kèk kestyon Beauvais te aprann ke bèlfi li, ke li tap pran swen depi'l te yon ti bebe ansanm ak yon zanmi te monte nan yon bato ki te sipoze mennen li Poto Riko.
Apre li fè kèk rechèch, li te kontake yon lis men longè ki gen sou li non yon seri ajans ak enstalasyon imigrasyon toupatou Ozetazini pou wè si yo gen pitit fi li.
"Tèt mwen vire paske mwen pa konn sa pou'm fè," li deklare. "Mwen vle konsantre sou jwenn ni."
Paran lot moun ki disparèt yo dezespere pou enfomasyon e yo fome ansanm yon gwoup sou WhatsApp, kote yo pataje foto epi kreye yon lis non pasaje yo. Pami yo gen Rosedarline Aulistin; Fedena Saint Germain, Dort Mikerlange and Daphnee Benoit 36 zan ak pitit gason ni Jovendjy ki gen 6 zan.
Atravè tèks mesaj ak vwa anonim, yo eseye jwenn plis enfomasyon: Ki kote egzakteman yo te derape ak kilè bato a te dekole? Konbyen lajan pasaje yo peye? Kiyès ki te nan bato a? E sak pi enpotan an: Kijan yon bato chaje ak Ayisyen te disparèt san tras?
Pa l'entèmedyè doulè yo, nou gen yon pi bon ide kiyès moun ki disparèt yo ye. Gen yon "bèl jèn demwazèl, ki byen edike," mononk li kap viv Kanada di li te konprann yo tap fèl monte nan yon bato kwazyè lè sè li te pale'l de vwayaj la; gen yon mesye ki te vann machin ni pou peye pou vwayaj la; epi te gen Mireille Lamy yon chantez ki gen yon chanèl YouTube kote nou ka wè yon banyè mov ki gen potre li sou li.
"Mwen paka domi. Chak fwa mwen fèmen je'm mwen wè sè mwen," Naomie Lamy, ki abite Miami e kap chache Mireille ki se ti sè li, yon chantez moun konnen kom "Miyou".
Fanmi Miami Herald entèvyouwe yo di yo tcheke otorite Poto Riko ak Repiblik Dominikèn pou enfomasyon sou moun bato ki disparèt yo. Jiskaprezan yo pa jwenn anyen. Gen yon paran ki di Miami Herald ke migran yo te resevwa lod pou yo abiye tout an nwa epi kite tout dokiman yo dèyè. Plizyè moun sou gwoup WhatsApp la di menm bagay la.
Leonel Charles, yon avoka Ayisyen nan Repiblik Dominikèn di sè youn nan moun ki disparèt yo te kontakte'l pou mande'l envestige disparisyon an. Li te anboche yon anketè pou al chache moun ki te oganize vwayaj la men li di li pa janm jwenn yo. "Nou pat janm jwenn anyen konkrè," li fè konnen.
Charles di fanmi a di'l ke bato a te dekole nan yon zon ki pa lwen ak Punta Cana, sou kot ès Repiblik Dominikèn. Gen lot fanmi ki kwè bato a te kite depi La Romana nan sidès la.
Gad Kot Ameriken nan Potoriko, Gad Frontyè ak La Dwann nan Poto Riko ak Ajans Ranfosman Imigrasyon ak La Dwann di Miami Herald yo pa gen okenn dosye sou yon bato ki disparèt tankou sa yo dekri a, ni enfomasyon sou yon bato ki ta koule nan komansman mwad Mas la. Fos Naval Dominikèn nan di li pa gen okenn dosye non plis sou pasaje sa yo.
"Nou pa o kouran ke yo te rapote ka sa a bay Gad Kot ni ke Gad Kot te reponn," Ricardo Castrodad, pot pawol Gad Kot la nan San Juan deklare.
Jeffrey Quinones, pot pawol La Dwann ak Pwoteksyon Frontye Etazini an di ajans li a pa gen okenn dosye sou entèsepsyon oubyen kadav ki ta rive sou plaj Potoriko pandan peryod sa a ki sanble ak moun yap chache yo ki te nan bato ki disparèt la.
Otorite Ameriken yo souliyen ke chak bato ilegal ki travèse Pasaj Mona a riske chavire. Yola yo pa byen konstwi e kontrebandye ki opere yo anbachal travay nan zon elwaye. Motè yo souvan gen pwoblèm. Tan an ak kondisyon lanmè a ka chanje anvan ou bat je'w. Reken, ki touye plizyè migran nan Pasaj Mona a, ap naje anba sifas lanmè a. Li ra tou pou bato yo gen vès sovtaj.
Se "yon operasyon sekou masiv ki riske rive nempot ki lè," Castrodad deklare. "Chak vwayaj reprezante yon gwo risk pou tout moun ki nan bato a, ak pou sekouris yo tou paske yap eseye sove moun yo anba kondisyon lanmè danjre e ki poze gwo risk pou lavi yo. Tan se yon bagay ki kritik, nempot ki bagay ka rive."
Castrodad di li posib pou yon bato chavire oubyen konfwonte pwoblèm san Gad Kot la oubyen lot otorite yo dekouvri yo. Souvan nouvèl kom kwa yon bagay pase mal vinn jwenn yo a travè fanmi kap chache yo e ki rele ajans la.
Sa pa pran anpil pou yola yo koule nan kouran lanmè pasaj la ki pa stab ditou. Mwa pase a yon bato te chavire tou pre pasaj la nan Poto Riko. Gen 11 fanm, tout te Ayisyen ki mouri, tandiske yo sove 38 lot. Otorite yo kwè gen lot ki disparèt, dapre sa sivivan yo rakonte.
Sete youn pami omwens 3 ensidan kote bato te chavire nan Pasaj Mona a, e ki te lakoz otorite yo te reponn nan mwad Me a.
Souvan moun mouri oubyen disparèt san okenn tras "akoz kondisyon anviwonmantal ekstrèm yo ... e paske bato yo fèt a la men e yo pa ekipe pou yo travèse lanmè a, Edwin Viales, ki travay ak Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon Nasyonzini an deklare.
Viales se monitè rejyonal pwojè Migran ki Disparèt nan Amerik yo. Depi ane 2014, ajans la ap koleksyone enfomasyon sou migran ki mouri pandan yap vwayaje nan yon destrinasyon entènasyonal, kèlkeswa stati legal yo. Yo anrejistre 6,265 disparisyon nan Amerik yo e yo fè remake vre chif la pwobableman pi wo - paske li difisil pou konnen egzakteman konbyen moun ki disparèt vreman vre.
Zon Karayib la gen dezyèm pi gwo kantite ka lanmo ak disparisyon nan rejyon an apre frontyè Meksik la, Viales fè remake. Ane pase a gen 65 moun ki te swa mouri swa disparèt nan lanmè ki chaje ak reken, e apati mwad Fevriye ane sa a, chif la te gen tan rive 71, dapre Pwojè Migran ki Disparèt yo.
Viales di pi fo moun ki pèdi lavi yo sou Pasaj Mona a se Ayisyen, Dominiken, Kiben ak Venezyelyen. Sepandan li di pa gen anpil done sou rejyon Amerik la akoz sa yo rele "chantye naval envizib" - migran ki mouri sou lanmè epi lanmo a pa janm rapote ofisyèlman.
Guerline Jozef, ko-fondatris Haitian Bridge Alliance, ki travay ak migran Ayisyen yo, krenn pou sityasyon an pa vinn pi dezespere toujou ann Ayiti epi koze plis Ayisyen fè vwayaj danjre a - kitse sou tè kote yo travèse Amerik di Sid la pou al sou frontyè Etazini ak Meksik la oubyen sou lanmè. Plis moun pral mouri, li krenn.
Menm jan ak fanmi yo li gen anpil kestyon tou "Eske yap trafike moun? Eske yo te monte nan bato a vreman vre" Eske bato a janm kite peyi a?"
"Nou pa konn repons la," Jozef di. "Toutotan moun nan pa rive Ozetazini epi swa yo arete'l oubyen depote li ou pa konnen konbyen moun ki pèdi lavi yo, oubyen disparèt epi ou pa janm pran nouvèl yo anko."
Repotaj sa a se yon kolaborasyon AP ak Miami Herald - se jounalis Jacqueline Charles ak Syra Ortiz-Blanes ki ekri vesyon orijinal la ann Angle