Depite Ileana Ros Lehtinen, ki te vizite Ayiti apre tranblemann tè 2010 la ak ouragan Matthew a an 2016, deklare sou kont Twitter li Ayiti pa pare pou l akeyi prèske 59 mil imigran.
Depite Diaz Balart li menm tou mande administrasyon ameriken an pou l rekonsidere desizyon li pran kont ayisyen ak Nikaragweyen yo. Senatè Marco Rubio, ki te ekri administrasyon an favè ayisyen yo, di si ayisyen yo retounen ann Ayiti yo pral konfwonte kondisyon malouk tankou pwoblèm lojman, swen sante ak posibilite pou yo pa jwenn travay. Selon senatè a prezans ayisyen sa yo pral febli ekonomi peyi a ak abilite l pou l retabli konplètman epi amelyore sekirite peyi a.
Pou kounye a gen 3 pwopozisyon lwa ki devan Kongrè a k ap gen pou fè deba si wi ou non y ap vote yon lwa pou regilarize sitiyasyon imigran k ap viv nan peyi a san dokiman legal.
Pou anpil analis, administrasyon Trump la gen yon pwopozisyon trè di sou imigrasyon --se rezon ki fè desizyon pou mete fen nan pwogram TPS pou ayisyen ak lòt sitwayen nan Amerik Latin nan pa reprezante yon sipriz.