Konfli ant Kolonbi ak Venezuela a kontinye ap domine aktyalite a nan rejyon Amerik Latin nan. Jedi 29 jiyè a nan peyi Ekwatè, reprezantan 2 peyi yo te pote eklèsisman devan gwoup minis afè etranjè peyi sid ameriken yo sou akizasyon Kolonbi lanse pou di kòmkwa Venezuela kache lakay li rebèl gochis.
Rankont sa a, ki te rasanble manm Inyon peyi sid ameriken yo (UNASUR). Pou kòmanse reyinyon an, minis afè etranjè Kolonbi a, Jaime Bermudez, te di li pa gen anpil espwa sou rankont sa a, kote tokay venezuelyen l Nicolas Maduro te prezan tou.
Minis afè etranjè ekwatoryen an te rankontre separeman ak minis afè etranjè Kolonbi ak Venezuela a nan kad rechèch yon rezolisyon pou rezoud kriz la. Semèn pase, prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, te koupe relasyon diplomatik li ak Kolonbi apre responsab kolonbyen yo tal pote plent devan Konsèy Pèmanan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).
ETAZINI-MEKSIK
Responsab ameriken yo fèmen konsila yo nan Ciudad Juarez, yon vil meksikèn ki pataje fwontyè ak Lèzetazini, yon fason pou yo kapab evalye sitiyasyon sekirite nan zòn nan, 3 mwa apre gang dwòg te asasinen 3 manm pèsonèl diplomatik la.
Anbasad Lèzetazini nan vil Mexico lanse yon avètisman bay sitwayen ameriken yo pou mande yo evite ale nan zòn konsila a jiskaske li relouvri. Kominike a pa di ki lè konsila a ap rekòmanse travay.
Yon lòt kote, gouvènman meksiken an fè konnen yon manm enpòtan nan katèl dwòg Sinaloa mouri anba bal lame. Jedi swa, otorite yo konfime nouvèl ki t ap sikile nan laprès meksikèn sou lanmò Inacio Coronel alias “Nacho", yon gwo manm gwo katèl dwòg sa a .
Coronel mouri pandan nan yon desant-de-lye lame meksikèn fè toupre Guadalajara, yon vil nan pati lwès Meksik. Avan sa, Depatman Deta ameriken te akize Coronel deske li responsab pou yon pakèt tòn kokayinn ki antre Ozetazini nan bato pwason ki te sòti Kolonbi e pase pa Meksik anvan yo abouti nan Arizona ou Tegzas--2 eta ameriken.