Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Fòmasyon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la ap Rapousuiv an Ayiti


Ponpye rive pou etenn dife nan Penitansye Nasyonal la ki vid, pandan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fe patwouy anba lavil Potoprens, Ayiti, 14 Mas, 2024.
Ponpye rive pou etenn dife nan Penitansye Nasyonal la ki vid, pandan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fe patwouy anba lavil Potoprens, Ayiti, 14 Mas, 2024.

Lidè Karayibeyen yo di tout gwoup ak pati politik yo eksepte pou youn soumèt non moun yo vle pou reprezante yo nan konsèy tranzisyon prezidansyèl la.

Konsèy la pral gen kòm misyon pou chwazi yon premye minis enterime pou Ayiti.

Pandansetan zak vyolans gang yo kontinye sakaje peyi a.

Plan CARICOM nan mande pou konsèy tranzisyon an gen 9 manm, men chif la te vinn redui a 8 apre pati Pitit Dessalines nan ki gen kòm lidè ansyen senatè Moise Jean Charles te derefize patisipe ladann. Moise Jean Charles se yon alye ansyen senatè eli ak lidè rebèl Guy Philippe, ki te fèmen nan prizon Ozetazini apre li te plede koupab a blanchiman lajan.

Gwoup Ako 21 Desanm nan, ki aliye ak Premye Minis Ariel Henry te pami dènye gwoup ki te reziste patisipe nan konsèy la. Men li te soumèt yon non Lendi. Sak te lakoz gwoup la te trennen pou soumèt yon non se zizani ant manm yo sou kandida potansyèl.

Prezidan Guyana Irfaan Ali deklare CARICOM fè chita tande chak jou pou ede kreye konsèy la.

Premye Minis Ariel Henry bloke nan peyi etranje e li paka tounen Ayiti akoz gang yo fòse yo fèmen ayeropò entènasyonal la. Henry pwomèt pou l demisyonen apre fòmasyon konsèy tranzisyon an. Henry te kite Ayiti pou patisipe nan yon rankont CARICOM nan Guyana, epi apre sa li te vwayaje nan Kenya an Afrik de lès pou siyen yon akò bilateral ak peyi sa a pou otorize deplwaman fòs miltinasyonal la an Ayiti.

Pandansetan, gang yo mete dife nan komisarya lapolis, louvri zam sou ayeropò entènasyonal Toussaint Louverture la, krze 2 pi gwo penitansye peyi a epi kite plis pase 4,000 prizonye chape poul yo. Lendi yo te lanse atak nan Petionville ak Laboule, 2 kominote ki te rete pasifik. Plis pase yon douzèn moun pèdi lavi yo nan atak sa yo.

Prezidan CARICOM Ali deklare: "Nou trè preokipe pa zak vyolans yo." Misye se direktè aktyèl CARICOM.

Ali di li gen espwa konsèy tranzisyon an ap kapab komanse fonksyone byento.

"Nou rankontre prèske chak swa paske fòk Ayisyen mete konsèy prezidansyèl la an plas. Gen pwogrè ki fèt," Ali deklare.

Met sou nominasyon yon premye minis enterime, konsèy la ap responsab pou nomen yon konsèy minis, yon konsèy elektoral pwovizwa ak yon konsèy sekirite nasyonal. Tout manm konsèy tranzisyon an pral oblije apiye deplwaman fòs miltinasyonal la tou.

Pati politik kap gen reprezantan nan konsèy la se: EDE/RED, ki gen a la tèt li ansyen PM Claude Joseph; Akò Montana, ki se yon gwoup lidè sosyete sivil ak pati politik, Fanmi Lavalas, ki se pati ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide la; Kolektiv 30 Janvye a ki reprezante plizyè pati, pami PHTK (Pati ansyen Prezidan Michel Martelly a); epi sektè prive a.

Gen 2 lòt pozisyon ki pap gen dwa vote. Youn se pou reprezantan sosyete sivil Ayisyèn nan epi lòt la se pou sektè relije a.

CARICOM poko pibliye lis konplè non gwoup sa yo soumèt kòm reprezantan yo nan konsèy la.

XS
SM
MD
LG