Accessibility links

Breaking News

Larisi ap Deplwaye plis Solda ak Ekipman Militè nan Belaris ak Sou Fwontyè Ikrèn


A Russian service member stands on a BMP-3 infantry fighting vehicle during drills held by the armed forces of the Southern Military District at the Kadamovsky range in the Rostov region, Russia Jan. 27, 2022.
A Russian service member stands on a BMP-3 infantry fighting vehicle during drills held by the armed forces of the Southern Military District at the Kadamovsky range in the Rostov region, Russia Jan. 27, 2022.

Nan moman Larisi ap deplwaye plis solda ak ekipman militè nan Belaris ak sou fwontyè Ikrèn nan, sekretè deta antony blinken anonse etazini renmèt yon repons ekri bay moskou tankou li te pwomèt li.

“Repons la louvri yon vwa serye pou diplomasi si larisi chwazi l. Dokiman an masyone kè sote Etazini genyen, alye l yo ak patnè yo sou aksyon Larisi k ap domaje sekirite, yon evalyasyon pragmatik ak prensipal sousi ke Larisi soulve ak pwòp pwopozisyon li nan plizyè domèn.

Pwen nimewo 1 Depatman d'Eta a fè konnen dokiman an pa fè oken konsesyon bay Larisi sou politik pòt ouvèt l’OTAN an pou l aksepte nouvo manm tankou Ikrèn. Larisi mande l’OTAN ak Etazini l pou l garanti ann ekri l’OTAN ap sispann agrandi kapasite l, entèdi pou ikrèn pa janm vinn manm òganizasyon defans militè a epi retire solda ak zam li genyen nan peyi Ewòp de lès yo ki te antre nan òganizasyon an apre fen lagè frèt la. Moskou fè konnen Etazini ak l’otan poko di anyen sou demand enpòtan sa yo.

Administrasyon Ameriken an menase pou l pran sanksyon sevè kont Larisi si l ta anvayi Ikrèn. Gouvènman Ris la di enpoze sanksyon pèsonèl kont lidè ris la, Vladimir Putin pap gen oken efè e l ap kontrepwodiktif nan jefò pou diminye tansyon sou Ikrèn.

Minis afè etranjè ris la Sergei Lavrov deklare jedi 27 janvye a Etazini montre li pa gen volonte pou l diskite sousi prensipal moskou genyen sou kesyon sekirite a. Repons Etazini sou demand sekirite Moskou fè a bay espwa pou yon dyalòg serye men yo pa pale de kesyon fondamantal la ki se sekirite.

Minis afè etranjè Ikrèn nan, Dmytro Kuleba, deklare nou kanpe menm kote ak Etazini nan evalyasyon risk sekirite ak sitiyasyon an. Diferans antre yo menm ak nou sèke nou konsantre n sou chak senaryo ke nou konsidere poutèt Larisi gen yon zouti sofistike pou l fè presyon sou Ikrèn pandan ke Etazini mete aksan espesifikman sou potansyèl militè yon envazyon an Ikrèn.

Minis afè etranjè ris la Sergei Lavrov deklare prezidan Vladimir Putin ap deside pwochen etap larisi ap franchi pou sa ki gen rapò ak repons ekri Etazini ak l’OTAN renmèt yo mèkredi 26 janvye a.

XS
SM
MD
LG