La Frans Kale Ostrali 4-1 nan Mondyal Qatar la
La Frans montre li ka bay bon rezilta san vedèt Karim Benzema nan Mondyal Foutbol Qatar la. Se konsa Kylian Mbappe make yon gol epi pare chimen an pou dezyèm gol Olivier Giroud a. Giroud make 2 gol pou ede chanpyon an tit La France kale Ostralie 4-1.

1
Olivier Giroud (2em a goch) fete apre li make 4em gol seleksyon nasyonal La Frans, nan match Gwoup D a kont Ostrali, nan Qatar, Madi 22 Nov. 2022.

2
Franse Kylian Mbappe a goch selebre ak Antoine Griezmann apre li make yon gol pandan match La Frans ak Ostrali nan Gwoup D a, nan Mondyal Qatar la , 22 Nov. 2022.

3
Jwe Franse Kylian Mbappe (a dwat) choute yon gol pandan match seleksyon nasyonal Franse a nan Gwoup D a kont Ostrali, 22 Nov. 2022.

4
Olivier Giroud make 4em gol ekip La Frans nan match Gwoup D li kont Ostrali nan Mondyal Qatar la, 22 Nov. 2022.