Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Hamas Lage yon 3èm Gwoup Otaj

Moun flote drapo Izrayelyen nan moman yon elikopte kap transpote otaj Hamas lage nan Gaza rive nan sant medikal pou timoun Schneider la nan Petah tikva, Izrayel, Dimanch 26 Nov. 2023.
Moun flote drapo Izrayelyen nan moman yon elikopte kap transpote otaj Hamas lage nan Gaza rive nan sant medikal pou timoun Schneider la nan Petah tikva, Izrayel, Dimanch 26 Nov. 2023.

Seselfe frajil ant Izrayèl ak Hamas la retounen sou bon ray la nan moman militan yo lage yon lot 17 otaj.

Nan gwoup la gen 14 Izrayelyen ak premye Ameriken an, yon tifi ki gen 4 an ki gen nasyonalite Amerikèn e Izrayelyèn.

An echanj, Izrayèl lage 39 prizonye Palestinyen Dimanch.

Se twazyèm boukantay ki fèt nan kad yon trèv ki sipoze sire 4 jou.

Medyatè entènasyonal ki gen nan tèt yo reprezantan Etazini, Ejipt ak Katar ap eseye pwolonje seselfe a.

Pou premye fwa, Hamas di li pral chache pwolonje antant la epi lage yon pi gwo gwoup otaj.

Izrayèl di li dako pou pwolonje trèv la tou si plis otaj jwenn liberasyon yo.

See all News Updates of the Day

Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.

Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.

Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.

Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.

Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.

Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.
2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.

Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.

Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.

Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.

Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.

Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."

Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."

Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem
U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.

Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”

Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.

Rubio ap Dirije yon Delegasyon Ameriken nan Arabi Saoudit pou Negosyasyon ak Larisi sou Ikrèn

U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Saudi Arabia
U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Saudi Arabia

WASHINGTON (AP) — Yon responsab ameriken di Sekretè Deta Marco Rubio ap dirije yon delegasyon nan Arabi Saoudit nan jou k ap vini yo pou fè negosyasyon dirèk ak otorite ris yo pou wè si ya jwenn yon fen nan envazyon Moskou a nan Ikrèn.

Pèsonalite ofisyèl sa a di Konseye pou Sekirite nasyonal la, Michael Waltz, ak anvwaye espesyal Steve Witkoff espere patisipe tou nan negosyasyon yo nan Riyad.

Sous la, ki pa otorize pou l bay detay sou negosyasyon yo, pale sou kondisyon pou yo pa site non l. Li ajoute administrasyon an wè negosyasyon sa yo kòm yon premye faz ki toujou ap evolye, epi moun ki finalman ap chita bò tab la pou diskisyon yo ka chanje.

Load more

XS
SM
MD
LG