Enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry demisyonnen nan yon lèt ofisyèl Primature la pibliye Jedi 25 Avril, nan moman konsèy prezidansyèl tranzisyon an pare pou pran tèt Ayiti epi retabli kalm. Minis Finans Patrick Boisvert pral dirije Ayiti antanke premye minis pa entrim, dapre jounal ofisyèl Le Moniteur.

1
Manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon an Fritz Alphonse Jean ak Leslie Voltaire poze pou yon foto apre seremoni enstalasyon konsey la nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

2
Regine Abraham, yon manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon Ayiti a pran la pawol pandan seremoni enstalasyon an nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

3
Nouvo Premye Minis enterime Ayiti, Michel Patrick Boisvert, pran la pawol pandan seremoni enstalasyon Konsey Prezidansyel Tranzisyon an, nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

4
Manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon Edgard Leblanc Fils, Regine Abraham ak Fritz Alphonse Jean pale apre seremoni enstalasyon konsey la nan Potoprens, 25 Avril, 2024.