Ayiti konfime Dimanch, yon ka kolera. Otorite la sante yo di yap etidye plizyè ka sispèk. Maladi sila a te touye plis pase 10,000 moun apre yon epidemi an 2010 ke yo te blame sou fòs mentyen lapè Nasyonzini an.
Ministè Sante Piblik Ayiti a di nan yon deklarasyon ke yo konfime yon ka nan zòn Pòtoprens, e ke gen plizyè lòt ka sispèk nan Cite Soleil.
Ministè a mande sitwayen yo pran mezi sanitè tankou lave men yo epi bwè dlo ki pwòp pou evite trape maladi a.
Yon nouvo epidemi kolera ta devaste Ayiti - nan moman kote aktivite ekonomik yo prèske sispann depi mwa pase a akoz manifestasyon ak barikad manifestan mete pou pwoteste kont zak vyolans gang yo. Sa anpeche distribisyon gazolin epi koze rate ki egzije biznis ak anpil lopital fèmen pòt yo.
Oganizasyon Panameriken La Sante deklare an 2020 ke Ayiti pat anrejistre okenn ka kolera pandan ane ki pase a.
Nap raple ke twoup peyi Nepal, kote gen anpil ka kolera, te ale Ayiti antanke manm fòs mentyen lapè Nasyonzini te tabli an 2003 la, apre Prezidan Jean-Bertrand Aristide te kite pouvwa a palafòs. LONU te ogmante fòs mentyen lapè a apre tranblemanntè ane 2010 la.
Nasyonzini te prezante eskiz li pou epidemi a an 2016, san li pat pran responsabilite.
Yon panèl endepandan Sekretè Jeneral LONU nan epòk la, Ban Ki Moon te nomen, te pibliye yon rapò an 2011 ki pat detèrmine konklisivman kijan kolera te antre Ayiti.
An 2013, manm panèl la te pibliye yon atik endepandan kote yo te konkli se anplwaye ki asosye ak misyon mentyen lapè LONU an ki te "pwobableman" responsab pou kolera a.