Nan yon entèvyou ansyen prezidan kiben Fidel Castro bay len 12 jiyè a sou yon chèn televizyon nan Kiba, li fè youn nan rar aparisyon piblik li depi l te tonbe malad, sa gen 4 tran--maladi ki te oblije l pase pouvwa a bay ti frè l Raul. Mesye Castro te parèt byen rilaks, li pale byen e avèk lojik pandan li t ap reponn kesyon nan pwogram Mesa Redonda (Tab Wonn).
Pandan entèvyou sa a, «Lidè Maximo» a, ki gen 83 zan, lanse yon pinga pou pa gen yon gè nikleyè akoz tansyon ki egziste ant Etazini ak Iran e ak Kore-di-Nò a. Se 2èm aparisyon piblik Fidel Castro nan mwens ke yon semèn. Samdi pase a, foto responsab kiben yo te pibliye, montre ansyen prezidan an ki t ap ri e pale ak moun ki tap vizite Sant Nasyonal Rechèch Syantifik La Avàn nan.
Fidel Castro te monte o pouvwa an 1959 aprè triyonf Revolisyon Kibèn nan. Li kontinye pataje opinyon li sou yon pakèt pwen aktyalite a nan yon ribrik ki rele “Refleksyon” ki parèt nan jounal leta a, Granma.
Yon lòt kote, Ministè Afè etranjè peyi Lespay anonse 6 prizonye politik gouvènman kiben an lage 12 jiyè a rive nan vil Madrid. Dapre menm sous la, gen 7 lòt ankò ki gen pou rive nan yon lòt vòl. Ansyen perizonye yo te kite La Avàn lendi swa abò Air Europa ki te pran direksyon kapital espayòl la. Yo genyen avèk yo plizyè douzèn manm fanmi yo.
Otorite kiben yo pat kite yo pran kontak ak laprès nan moman yo t ap monte avyon an. 6 disidan sa yo te fè pati 52 prizonye politik gouvènman kiben an te aksepte libere apre yon arntant ant rejim Castro a ak Legliz Katolik. 52 prizonye sa yo te pami 75 opozan politik otorite yo te arete an 2003.