31 Out, 2021 - se dat limit Prezidan Joe Biden fikse pou twoup Ameriken yo pati kite peyi Afghanistan apre 20 an lage. Men kek imaj ki kapte denye moman milite Etazuni nan peyi sid Azi sila a epi premye moman kek sivil Afghan Ozetazuni.
Ann Imaj: Etazuni Pati Kite Afghanistan

5
Fanmi ki evakye soti Kaboul Afghanistan mache nan direksyon yon otobis ki pral transpote yo nan Chantilly, eta Vijini, 31 Out, 2021.

6
2 mesye Etazuni evakye soti Afghanistan salye fotograf la yon ti tan apre yo rive nan ayewopo entenasyonal Dulles tou pre Washington, 31 Out, 2021.

7
Yon Afghan ki fek pati kite Afghanistan salye yon solda Ameriken ak koud li apre li rive nan ayewopo Washington, 31 Out, 2021.