Accessibility links

Breaking News

Trump Akize Ikrèn Dèske yo Maltrete Sekretè Trezò li a Pandan Vizit li nan Kyèv


(COMBO) This combination of pictures created on February 11, 2025 shows (L-R) Scott Bessent testifying before the Senate Finance Committee on his nomination to be Secretary of the Treasury, on Capitol Hill in Washington, DC, on January 16, 2025 and Ukrain
(COMBO) This combination of pictures created on February 11, 2025 shows (L-R) Scott Bessent testifying before the Senate Finance Committee on his nomination to be Secretary of the Treasury, on Capitol Hill in Washington, DC, on January 16, 2025 and Ukrain

Prezidan ameriken Donald Trump akize Ikrèn Mèkredi dèske yo maltrete Sekretè Trezò a, Scott Bessent, semenn pase a pandan vizit li nan Kyèv kote li te ale rankontre ak prezidan Volodymyr Zelensky.

"An reyalite, Scott Bessent te ale la epi yo trete l mal, paske ofinal yo te di l non. Epi Zelensky t ap dòmi li pa t disponib pou l rankontre l," Trump te deklare Mèkredi devan laprès, malgre yo te reyèlman rankontre 12 fevriye.

Menm mèkredi sa a, lidè ameriken an te kritike tokay Ikrenyen li sou platfòm li a Truth Social: "Diktatè san eleksyon, Zelensky ta dwe depeche l, sinon li p ap gen peyi ki rete (...) Mwen renmen Ikrèn, men Zelensky fè yon travay terib."

Vwayaj Bessent nan Kyèv la te premye vizit yon manm nan nouvo administrasyon ameriken an nan Ikrèn, kote Donald Trump deklare gouvènman an ap negosye "avèk siksè" pou mete fen nan lagè a ak Larisi.

Larisi "pran anpil teritwa, kidonk yo gen avantaj," Trump te di jounalis Mèkredi swa, pandan li mansyone posibilite pou l rankontre ak prezidan Ris la, Vladimir Putin.

Prezidan ameriken an deklare Mèkredi swa Moskou gen "kat nan men li" nan negosyasyon pou mete fen nan lagè a nan Ikrèn, sa ki redui espwa Kyèv genyen pou Washington defann enterè li yo.

Jedi, kèk jou de twazyèm anivèsè envazyon Larisi a, ki te kòmanse 24 fevriye 2022, Volodymyr Zelensky dwe resevwa anvwaye espesyal ameriken an, Keith Kellogg. Rive nan Kyèv, Kellogg te deklare li konprann nesesite pou bay Ikrèn "garanti sekirite."

XS
SM
MD
LG