Petro asosye menas la ak siksè li nan efò pou konbat trafik dwòg nan Kolonbi.
Pandan Petro tap fè deklarasyon sa nan moman gradyasyon polisye kolonbyen yo, li pat bay okenn prèv e li pat site okenn non sispèk.
Prezidan te deklare : "Eske w konnen yo vle tire yon misil sou avyon mwen an? Trafikan dwòg yo achte l epi sere l yon kote. Pa youn, men de misil. Nou konnen kiyès yo ye, men fok nou aji. Poukisa yo vle touye mwen byen vit? Paske yo konnen nou dèyè gwo mafya Kolonbi yo."
Fòs sekirite Kolonbyen yo te sezi 883,8 tòn kokayin an 2024 ki se yon kantite rekò pou yo, dapre Ministè Defans lan, pa rapò ak 746,3 tòn nan 2023.
Pwodiksyon ak trafik kokayin, ansanm ak pwodiksyon ilegal lò, konsidere kòm prensipal motè konfli ame ki egziste depi 6 deseni e ki touye plis pase 450,000 moun.