Accessibility links

Breaking News

Lidè yo Rive pou Konferans Sekirite Minik


SECURITY-MUNICH/USA-VANCE
SECURITY-MUNICH/USA-VANCE

MINIK – Chèf gouvènman ak lidè biznis yo ap rive nan Bayerischer Hof, kote Konferans Sekirite Minik la ap fèt.

Prezidan Almay la, Frank-Walter Steinmeier, ak Vis Prezidan Etazini, JD Vance, rankontre sou kote Konferans Sekirite Minik lan.

Otorite Ris yo p ap patisipe nan Konferans Sekirite Minik la paske yo pa t jwenn envitasyon, daprè sa pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Larisi a, Maria Zakharova, te di vandredi, nan kad yon konferans pou laprès chak semenn.

Zakharova te di nati konferans lan te chanje pandan ane yo e li pase soti nan yon evènman sekirite pou vin yon evènman ki sipòte "rejim Kyèv la" epi ki, selon li, ap aplike politik sekirite ki destriktif pou sekirite Ewòp menm.

XS
SM
MD
LG