Accessibility links

Breaking News

X (ansyen Twitter) ap Dedomaje Donald Trump Paske l te Kanpe Kont li an 2021


Trump-Communication
Trump-Communication

Rezo sosyal Elon Musk lan, X (ansyen Twitter), te rive jwenn yon akò ak ansyen prezidan ameriken Donald Trump, kote li pral ba l 10 milyon dola dedomajman paske l te kanpe kont li an 2021, dapre sa Wall Street Journal rapòte mèkredi.

Twitter te friz kont milyadè repibliken an kèk èdtan apre atak sou Kapitòl la nan Washington, nan dat 6 janvye, paske li te konsidere Donald Trump te ankouraje manifestan yo aji.

Sispansyon sa a te dire prèske de zan, jiskaske Elon Musk, ki te vin aksyonè majoritè Twitter, te leve li nan mwa novanm 2022.

Pandan tan sa a, Donald Trump te trennen Twitter ak ansyen direktè li a, Jack Dorsey, devan lajistis. Li te pèdi nan premye etap pwosesis la, men li te fè apèl an 2022.

Pandan dènye kanpay prezidansyèl la, Elon Musk te rapwoche anpil ak kandida repibliken an, li te mete 277 milyon dola nan richès pèsonèl li pou sipòte ansyen pwomotè imobilye a.

Dapre Wall Street Journal, avoka Trump yo te nan kòmansman panse abandone pwosè a san okenn kondisyon, men yo te finalman deside fè yon akò amikal ak X.

XS
SM
MD
LG