Yon kou d apèl federal apiye kondanasyon chantè R. Kelly pou rakèt ansanm ak santans 30 an prizon li te resevwa a. Tribinal la te jwenn misye te eksplwate renome li pandan plis pase 25 an pou abize tifi ak demwazèl seksyèlman.
Kou d Apèl Federal 2èm sikwi Manhattan nan pran desizyon pou apiye kondanasyon an Mèkredi.
R. Kelly se yon loreya pri Grammy (pi gwo pri yon atis ka resevwa nan endistri mizikal Ameriken an) epi lavant albom ni yo rive nan nivo platin.
Lajistis te kondane li an 2021 nan tribinal federal Brooklyn pou plizyè krim pami yo rakèt ak trafik sèks.
Vre non R. Kelly se Robert Sylvester Kelly. Pami pi gran hit li yo ge "I Believe I Can Fly" ki te soti an 1996 epi "Trapped in the Closet" ki gen renome pami jèn jan Ameriken yo.
Chante sa a rakonte istwa trayizon seksyèl ak entrig. Yon avoka defans di li pral ann apèl devan Kou Siprèm nan.