« M panse ke nou dwe pare pou reyaji. Men m panse ke, plis toujou, Inyon Ewòp la dwe pare pou defann sa li vle ak sa li bezwen, » se konsa Macron pale nan yon entèvyou ke CNN te anrejistre jedi a e ki te pase ayè dimanch la.
Chef leta a avèti tou sou konsekans yon desizyon konsa pou Ameriken : « Si w enpoze tarif sou plizyè sektè, sa pwal fè pri yo ogmante e kreye enflasyon pou Etazini. »
Nouvo Prezidan Etazini an Donald Trump ap ogmante posiblite pou li gen lagè komèsyal pandan plizyè semenn e fè santi ke Inyon Ewòp la ka santi anvan lontan konsekans tarif ladwann ki frape li. « Inyon Ewòp la trete nou mal anpil, » se sa Trump te di jounalis nan finisman mwa Janvye a.