Accessibility links

Breaking News

Ekwatè: Noboa - Gonzalez nan Dezyèm Tou


(COMBO) This combination of pictures created on February 9, 2025, shows
Ecuador's President and presidential candidate for the Accion Democratica Nacional party (National Democratic Action), Daniel Noboa (L), showing his ballot after voting at a polling s
(COMBO) This combination of pictures created on February 9, 2025, shows Ecuador's President and presidential candidate for the Accion Democratica Nacional party (National Democratic Action), Daniel Noboa (L), showing his ballot after voting at a polling s

Prezidan ki sou pouvwa nan peyi Ekwatè a Daniel Noboa ak rival gochis li Luisa Gonzalez angaje nan yon match sere apre eleksyon prezidanyèl ayè dimanch la nan Ekwatè, sa ki soulve posiblite pou gen yon 2èm tou eleksyon nan peyi sa a ki divize e ki anba vyolans trafik dwòg.

Apre responsab yo fin konte bilten, diferans ant 2 kandida ki devan yo nan vòt sa-a ki se yon kous ant 16 kandida, vin redui, sa ki kreye yon sipriz.

Lè li te vè 11 è nan aswè nan lè lokal, sou 72 pousan bilten ki deja konte, Noboa pran 44,66 pousan jodia, kont 43,91 pousan pou prensipal rival li, Madam Gonzalez.

« Se yon gwo viktwa, nou genyen … nou prèske pat pou pat », se pawòl Luisa Gonzalez, yon avoka 47 lane e ki sanble eritye ansyen prezidan sosyalis Rafael Correa, kite sou pouvwa ant 2007 ak 2017, ki t-ap pale ak sipòtè li yo ki te chofe amò nan kapital la Kito.

« Si tandans sila kontinye … nou pwal retounen vote ankò 13 Avril » pou yon 2èm tou, se pawòl Diana Atamaint, ki se prezidan Konsèy Elektoral Nasyonal la, ki gen ti non an panyòl CNE.

Jounen an « te dewoule tankou nenpòt jou nòmal nèt », ak 83,38 elektè ki vote, sou 14 milyon sitwayen Ekwatè ki te vote, dapre sa responsa la te di anvan sa.

XS
SM
MD
LG