Prezidan Repibliken an pandan li tap siyen dekrè a pandan yon seremoni nan La Mezon Blanch, sou anpil aplodisman plizyè douzèn atlèt fi te deklare "Avèk dekrè sa a, lagè kont espò fanm yo fini."
Tèks li a planifye pou koupe sibvansyon gouvènman federal bay kelkeswa lekòl ki pèmèt elèv transganr yo vin manm ekip espò fanm yo.
Prezidan Trump te ensiste pou l di "Pap gen okenn finansman federal" pou enstitisyon sa yo.
Prezidan an pwofite mete presyon sou Komite Olenpik Entènasyonal (IOC)la , paske Lèzetazini gen pou l òganize pwochen Je Olenpik Ete yo..