Inter Miami bat Sporting San Miguelito (3-1) nan twazyèm match amikal anvan ouvèti sezon MLS la, kote entènasyonal ayisyen an enskri non l pami bitè ekip Florid la.
Grenadye a fè gòl li a nan 2èm mitan match la. Picault te resevwa yon pas nan kare a, li jayi epi pouse boul la nan filè a pou fè yon bèl reyalizasyon epi bay Inter Miami yon avantaj 2 gòl avans (3-1) sou Sporting San Miguelito.
Fafa Picault ak Ko-ekipye l yo ap retounen sou teren an samdi 8 fevriye a fas ak ekip ondiryen Olimpia, nan kad preparasyon Inter Miami pou nouvo sezon MLS la.