Goma, kapital pwovens Nò Kivu a, ki kole ak lak Kivu epi fwontyè Rwanda a, tonbe sa gen kèk jou apre yon ofansiv rapid ki te dire kèk semenn. Atak sa te fèt apre echèk medyasyon Angolè yo te eseye mete sou pye ant RDC ak Rwanda.
Depi lè sa, M23 ak sòlda rwandè yo kontinye avanse nan pwovens Sid Kivu a, pou rive nan zòn Kavumu, kote ki gen yon ayopò militè estratejik. Se la lame kongolè a mete prensipal liy defans li, ki chita apeprè 40 kilomèt nan nò vil Bukavu kote ki gen anviwon yon milyon moun, dapre sous lokal AFP.
Yon somè ekstraòdinè nan Kominote Devlopman Lafrik Ostral (SADC) dwe fèt jodi a nan kapital Zimbabwe a, Harare. Daprè prezidans kongolè a, prezidan Félix Tshisekedi ap patisipe pa videyo konferans, men prezidan rwandè a, Paul Kagame, pap prezan.