Anpil nan viktim yo mouri asasinen anbal bal bandi anndan lakay yo tandiske gen lòt ki tonbe pandan yo t ap travay nan chan
Augustin Vocly, yon abitan ki rive sove pandan atak sanglan sa, rakonte bandi yo asasinen 8 moun nan fanmi l.
Mesye Volcy deklare bay ajans EFE : "Mwen pèdi tout bagay. Yo touye bèf mwen yo. Mwen pèdi 8 manm nan fanmi m."
N ap fè sonje, Polis Nasyonal Ayiti te deplwaye plizyè inite espesyalize pou pote sekou ak popilasyon an. Pandan operasyon yo, fòs lòd yo mete anba kòd plizyè preziman bandi. Gen plizyè lòt ki mouri nan twoke kout zam ak lapolis.