"Nou espere Etazini pral revize pozisyon ni," se sa Tarik Jasarevic te deklare pandan yon reyinyon Nasyonzini nan Jenèv.
OMS "Regrèt" Desizyon Etazini Pran pou l Kite Òganizasyon an

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) "regrèt" desizyon Etazini pran pou l kite òganizasyon an, jan Donald Trump te anonse sa lendi, premye jou dezyèm manda li a, dapre sa yon pòtpawòl te di madi.