Venezyela
Gonzalez Urrutia Di Sòlda Venezyela yo "Mwen Dwe Asime wòl Komandan an Chèf Mwen"

Opozan venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl yo, fè sòlda yo konnen dimanch li dwe "pran wòl komandan an chèf la" 10 janvye, jou yo pwograme envestiti Nicolas Maduro, ki pwoklame kòm gayan eleksyon yo.
"Dapre konstitisyon an (...) mwen dwe pran wòl komandan an chèf" lame a 10 janvye, se sa ansyen anbasadè a, ki gen 75 lane, ki te reprezante opozisyon an pandan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a deklare.
Fòs lame a konsidere kòm yon potomitan pou pouvwa prezidan Maduro. Chèf lame a te fè sèman plizyè fwa "fidèlite" ak prezidan sosyalis la, malgre eleksyon li yo ki plen ak magouy selon opozisyon an e yon gwo pati nan kominote entènasyonal la pa rekonèt yo.
Lame a te patisipe aktivman nan represyon manifestasyon ki te swiv pwoklamasyon reyeleksyon Maduro pou yon twazyèm manda.
"Fòs lame nasyonal nou an dwe yon garanti pou souverènte ak respè volonte pèp la. Se devwa nou pou aji ak onè, merit ak konsyans (...) Li nesesè pou mete fen nan yon lidèchip ki vle defòme prensip fondamantal ak moral fòs lame nou an," li ajoute nan videyo sa a, ki te difize depi Washington, twazyèm etap nan yon vwayaj diplomatik apre Buenos Aires ak Montevideo.
"Se moman pou nou reyafime angajman nou anvè patri a. Apati 10 janvye, nou dwe aji ak detèminasyon ak inite pou pwoteje Venezyela nou an. Misyon nou se retabli souverènte popilè ki te manifeste nan vòt yo," li di.
Apèl sa a sòti sèlman kèk èdtan apre chèf opozisyon an, Maria Corina Machado, ankouraje pou manifeste jedi, jou anvan envestiti a.
See all News Updates of the Day
Venezyela: Opozan Luis Somaza jwenn arestasyon l

Opozan Luis Somaza, youn nan kad pati opozisyon venezyelyen Voluntad Popular, te jwenn arestasyon l mèkredi, daprè sa minis Enteryè Diosdado Cabello te deklare jedi, sa ki konfime yon anons Leopoldo Lopez, lidè pati a epi figi opozisyon an ki an egzil nan peyi Lespay, te fè avan sa.
Minis la, ki dekri M. Somaza kòm yon "teworis", pa bay plis detay sou arestasyon an ni sou rezon yo.
"Arestasyon an te fèt lakay li yè (mèkredi) pa kèk moun ki pa t gen okenn idantifikasyon", se sa M. Lopez te di pandan yon reyinyon vityèl jedi ak jounalis nan Venezyela.
Gen yon "trantèn" manm pati Voluntad Popular (VP) ki kounye a nan prizon, daprè sa M. Lopez ajoute.
Sou X, VP mande "liberasyon prese-prese" M. Somaza epi pibliye yon videyo kote sè li, Valeria Somaza, ap rakonte arestasyon an.
- Serge Michel
Yon Premye Gwoup Imigran Etazini Depòte Rive Venezyela
Yon premye gwoup sitwayen venezyelyen Etazini mete deyò nan peyi a te ateri lendi 10 fevriye a nan aswè nan ayewopò Maiquetia, nan nò Caracas, dapre sa yon jounalis AFP te konstate.
Etazini Ankouraje Peyi yo Resevwa Depòte yo
Etazini voye yon emisè OVeneyela pou l konvenk otorite yo aksepte imigran Venezyelyen k ap viv nan peyi a san dokiman legal.
Venezuela : Chèf Opozisyon an Mande Pou Yo Bòykote Pwochen Eleksyon yo

Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, ki toujou konteste viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon prezidansyèl 2024 la, te lanse apèl dimanch pou mande pou yo bòykote eleksyon k ap vini yo nan Venezuela.
"Jiskaske rezilta ki 'bay opozisyon an laviktwa' antre an aplikasyon, li pa apwopriye pou nou patisipe nan eleksyon yo."
Se sa Machado te di nan yon videyo li poste sou rezo sosyal yo anvan eleksyon palmantè, minisipal ak eleksyon pou gouvènè yo.
Nicolas Maduro, ak sipò lame a ak yon administrasyon japwouv, te prete sèman nan mitan mwa janvye a pou yon twazyèm manda 6 zan nan yon seremoni rival li Edmundo Gonzalez Urrutia, ki ann egzil, te dekri kòm yon "koudeta".
Urrutia konsidere tèt li kòm prezidan eli, e li te mande lame a pou l "dezobeyi".
Etazini Voye Jete Re-eleksyon Prezidan Maduro, men li Kenbe yon Sous Finansman Pou Gouvènman l lan

KARAKAS, Venezyela (AP) —An 2022, Mezon Blanch te bay Venezyela yon sous finansman “pou soutni retablisman demokrasi” apre Prezidan Nicolás Maduro te pwomèt pou l travay pou gen yon eleksyon prezidansyèl ouvè, epi li te akòde gwo konpayi ameriken Chevron yon pèmi pou pèmèt li pwodui ak ekspòte petwòl venezyelyen malgre sanksyon yo.
Eleksyon Maduro te pwomèt la pa t ni lib ni jis, epi li te prete sèman mwa sa a pou yon twazyèm manda 6 an, malgre prèv kredib ki montre opozan li te jwenn plis vwa pase li.
Men, sanksyon yo te retire yo toujou ap ede gouvènman an ranpli kès leta. Opozisyon Venezyelyen an di gouvènman Maduro a te fè milya dola nan ekspòtasyon pèmi sa a te rann posib, e li difisil pou gwo otorite ameriken yo eksplike poukisa pèmi an toujou an plas.
Facebook Forum