Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Mond lan Reyaji sou Dechoukay Assad nan La Siri

Moun asiste yon rasanbleman pou fete dechoukay Prezidan Siryen Bashar Assad sou pouvwa a, nan vil Aten, peyi La Gres, 8 Desanm, 2024.
Moun asiste yon rasanbleman pou fete dechoukay Prezidan Siryen Bashar Assad sou pouvwa a, nan vil Aten, peyi La Gres, 8 Desanm, 2024.

Echèk gouvènman kanson fè Siryen an anba men militan jihadis yo deklanche yon vag selebrasyon, dout ak kè sote toupatou nan mond lan.

Ekspatriye Siryen ak anpil sitwayen toupatou nan Mwayèn Oryan an fete ak kè kontan ranvèsman lidè ki te dirije peyi li pandan 14 zan kriz sivil ki te lakoz yon demi milyon Siryen te mouri epi plizyè milyon lot kouri kite peyi a.

Gen kèk moun ki gen kè sote pou plis enstabilite pa vinn souke yon rejyon ki deja nan yon sityasyon tèt chaje.

Peyi vwazen Jodani ak Liban fèmen fwontyè yo ak La Siri. Izrayèl pran kontwol yon zon net ki sitye nan Morn Golan yo, tandiske Iran, ki se yon alye Assad deklare se Siryen ki dwe deside avni peyi yo "san entèvansyon destriktiv ni enfliyans etranje."

Anpil gouvènman Ewopeyen bat bravo pou depa Assad la.

Ozetazini, Prezidan Joe Biden rankontre ekip konsèy sekirite nasyonal la Dimanch sou dènye devlopman yo nan La Siri.

Prezidan-eli Donald Trump pibliye yon mesaj sou rezo sosyal yo Samdi anvan nouvè yo te konfime Assad tonbe pou di: "La Siri se yon peyi tèt chaje, men li pa zanmi nou e ETAZINI PA DWE GEN ANYEN POU WE AK PEYI SA A. SE PA BATAY NOU. KITE YO GOUMEN. PA ANTRE NAN KOZE A!"

Lèzetazini gen apepre 900 solda nan La Siri, pami yo twoup Ameriken kap travay ak alye Kurd yo nan nodès la ke opozisyon an kontwole, pou anpeche gwoup Eta Islamik le reparèt.

See all News Updates of the Day

Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

U.S. Secretary of State Rubio visits UAE
U.S. Secretary of State Rubio visits UAE

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.

Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.

Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .

Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.

Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.

Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.

Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.

Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.

Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.
2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.

Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.

Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.

Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.

Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.

Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."

Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."

Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem
U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.

Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”

Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.

Load more

XS
SM
MD
LG