Mwayen Oryan
Mwayen Oryan: Izrayèl di Sòlda yo ki te an Otaj la ta Sanble Mouri

Lame Izrayelyen an di yon sòlda Amerikano-Izrayelyen yo te panse Hamas te kaptire vivan nan atak ki te fèt 7 oktòb 2023 la te jwenn lanmò l jou sa a epi yo te mennen kadav li nan Gaza.
Hamas toujou kenbe anviwon yon santèn otaj andedan Gaza, omwen yon tyè nan yo ta mouri. Administrasyon Biden di li ap fè yon lòt pouse pou yo seselfe epi lage rès otaj yo, apre prèske yon ane nan negosyasyon endirèk ant Izrayèl ak Hamas ki te echwe plizyè fwa.
Diplomat yo wè yon potansyèl ouvèti apre semenn pase a seselfe ant
Izrayèl ak gwoup militan Hezbollah Liban an, yon alye Hamas ki te kòmanse lanse atak wòkèt epi twoke kout zam ak Izrayèl nan demen apre atak Oktòb 2023 la.
See all News Updates of the Day
Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.
Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.
Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.
Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.
Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.
Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.
Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.
Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.
Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.
Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."
Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."
Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.
Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”
Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.
Rubio ap Dirije yon Delegasyon Ameriken nan Arabi Saoudit pou Negosyasyon ak Larisi sou Ikrèn

WASHINGTON (AP) — Yon responsab ameriken di Sekretè Deta Marco Rubio ap dirije yon delegasyon nan Arabi Saoudit nan jou k ap vini yo pou fè negosyasyon dirèk ak otorite ris yo pou wè si ya jwenn yon fen nan envazyon Moskou a nan Ikrèn.
Pèsonalite ofisyèl sa a di Konseye pou Sekirite nasyonal la, Michael Waltz, ak anvwaye espesyal Steve Witkoff espere patisipe tou nan negosyasyon yo nan Riyad.
Sous la, ki pa otorize pou l bay detay sou negosyasyon yo, pale sou kondisyon pou yo pa site non l. Li ajoute administrasyon an wè negosyasyon sa yo kòm yon premye faz ki toujou ap evolye, epi moun ki finalman ap chita bò tab la pou diskisyon yo ka chanje.