Venezyela
Venezyela : Maduro Bay TikTok 72 Zèdtan pou Retire Kèk Kontni Sou Platfòm li

Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, bay TikTok 72 zèdtan lendi pou retire kontni ki ankouraje defi danjre yo apre lanmò 2 timoun nan peyi a, sinon li pral pran "sanksyon sevè".
Videyo "tchalendj" yo trè popilè sou rezo sosyal yo e yo konn mande moun fè aksyon ki ka mennen lanmò, tankou ekspoze tèt yo a pwodwi toksik.
Defi M. Maduro ap kritike yo, nan ka sa a, enplike pran medikaman.
"Yon tifi 12 lane, ki ale lekòl nan yon lise piblik, mouri jodi a (lendi) nan Petare (nò) paske li vale (medikaman) e li te swiv sa yo rele defi yo (...), tifi a te rive pale pandan li t ap fè kriz epi li di li te wè yo sou TikTok," prezidan an te di pandan emisyon li an “Avèk Maduro”.
Yon jèn gason 14 lane mouri tou apre li te eseye fè youn nan defi sa yo "ki ap sikile sou TikTok", li te ajoute.
Nicolas Maduro mande prezidan regilatè telekominikasyon Venezyela a pou kontakte responsab TikTok nan rejyon an, epi li bay 72 zèdtan pou platfòm la retire "defi sa yo ki abizif epi kriminèl".
"M vle chèf (rejyon) Amerik Latin nan ki abite Meksik la, konnen: lanmò timoun sa yo se responsabilite w, paske se TikTok ki ap pibliye sa yo," M. Maduro te di an kòlè.
Li te avèti TikTok pral sibi "sanksyon sevè" pou "defann" entegrite timoun yo si li pa respekte lòd sa a, pandan li denonse "kriminèl TikTok yo".
Prezidan an ankouraje paran timoun ki ap itilize rezo sosyal yo pou yo veye aktivite pitit yo sou entènèt.
Yon ankèt ouvè nan Venezyela sou ka sa yo.
Nicolas Maduro te deja pran mezi kont rezo sosyal yo: 8 dawout, li te bay lòd pou sispann X (ansyen Twitter), li te akize li kòm responsab dezòd ki te fèt apre reyeleksyon konteste li a 28 jiyè.
X te retounen disponib pou itilizatè prive kèk semenn apre sa, men aksè a toujou limite pou anplwaye konpayi nasyonal telekominikasyon Cantv.
M. Maduro te tou mande pou moun sispann sèvi ak aplikasyon WhatsApp, li te efase aplikasyon an sou telefòn li 6 dawout, selon imaj televizyon yo te montre.
See all News Updates of the Day
Venezyela: Opozan Luis Somaza jwenn arestasyon l

Opozan Luis Somaza, youn nan kad pati opozisyon venezyelyen Voluntad Popular, te jwenn arestasyon l mèkredi, daprè sa minis Enteryè Diosdado Cabello te deklare jedi, sa ki konfime yon anons Leopoldo Lopez, lidè pati a epi figi opozisyon an ki an egzil nan peyi Lespay, te fè avan sa.
Minis la, ki dekri M. Somaza kòm yon "teworis", pa bay plis detay sou arestasyon an ni sou rezon yo.
"Arestasyon an te fèt lakay li yè (mèkredi) pa kèk moun ki pa t gen okenn idantifikasyon", se sa M. Lopez te di pandan yon reyinyon vityèl jedi ak jounalis nan Venezyela.
Gen yon "trantèn" manm pati Voluntad Popular (VP) ki kounye a nan prizon, daprè sa M. Lopez ajoute.
Sou X, VP mande "liberasyon prese-prese" M. Somaza epi pibliye yon videyo kote sè li, Valeria Somaza, ap rakonte arestasyon an.
- Serge Michel
Yon Premye Gwoup Imigran Etazini Depòte Rive Venezyela
Yon premye gwoup sitwayen venezyelyen Etazini mete deyò nan peyi a te ateri lendi 10 fevriye a nan aswè nan ayewopò Maiquetia, nan nò Caracas, dapre sa yon jounalis AFP te konstate.
Etazini Ankouraje Peyi yo Resevwa Depòte yo
Etazini voye yon emisè OVeneyela pou l konvenk otorite yo aksepte imigran Venezyelyen k ap viv nan peyi a san dokiman legal.
Venezuela : Chèf Opozisyon an Mande Pou Yo Bòykote Pwochen Eleksyon yo

Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, ki toujou konteste viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon prezidansyèl 2024 la, te lanse apèl dimanch pou mande pou yo bòykote eleksyon k ap vini yo nan Venezuela.
"Jiskaske rezilta ki 'bay opozisyon an laviktwa' antre an aplikasyon, li pa apwopriye pou nou patisipe nan eleksyon yo."
Se sa Machado te di nan yon videyo li poste sou rezo sosyal yo anvan eleksyon palmantè, minisipal ak eleksyon pou gouvènè yo.
Nicolas Maduro, ak sipò lame a ak yon administrasyon japwouv, te prete sèman nan mitan mwa janvye a pou yon twazyèm manda 6 zan nan yon seremoni rival li Edmundo Gonzalez Urrutia, ki ann egzil, te dekri kòm yon "koudeta".
Urrutia konsidere tèt li kòm prezidan eli, e li te mande lame a pou l "dezobeyi".
Etazini Voye Jete Re-eleksyon Prezidan Maduro, men li Kenbe yon Sous Finansman Pou Gouvènman l lan

KARAKAS, Venezyela (AP) —An 2022, Mezon Blanch te bay Venezyela yon sous finansman “pou soutni retablisman demokrasi” apre Prezidan Nicolás Maduro te pwomèt pou l travay pou gen yon eleksyon prezidansyèl ouvè, epi li te akòde gwo konpayi ameriken Chevron yon pèmi pou pèmèt li pwodui ak ekspòte petwòl venezyelyen malgre sanksyon yo.
Eleksyon Maduro te pwomèt la pa t ni lib ni jis, epi li te prete sèman mwa sa a pou yon twazyèm manda 6 an, malgre prèv kredib ki montre opozan li te jwenn plis vwa pase li.
Men, sanksyon yo te retire yo toujou ap ede gouvènman an ranpli kès leta. Opozisyon Venezyelyen an di gouvènman Maduro a te fè milya dola nan ekspòtasyon pèmi sa a te rann posib, e li difisil pou gwo otorite ameriken yo eksplike poukisa pèmi an toujou an plas.
Facebook Forum