Nan fen mwa Me a, Daniel Ortega te akize frè li pou krim "trayizon patri l" paske l lè li te dekore yon militè ameriken an 1992. Anvan sa, yo te mete l sou siveyans lakay li selon sa manm opozisyon ki nan egzil rapòte.
Lame a te presize nan yon kominike "Pasyan Humberto Ortega Saavedra, ki gen 77 lane, te fè yon kriz kadyak, apre yo te fè manèv reyanimasyon pou li, yo te deklare li mouri a 02H30."
Dimanch, lame a te fè konnen gen yon "deteryorasyon brital" nan eta sante li.
21 me, lapolis te mete yon inite medikal nan kay jeneral retrete a. Manm opozisyon ki nan ekzil te konsidere mezi sa kòm yon prizon a domisil, paske li te deklare nan yon medya sou entènèt frè li Daniel, 78 lane, pa gen ranplasan, si l ta disparèt rejim li an ap tou kraze.
28 me, prezidan Ortega te repwoche l di l "fè yon sakrilèj" lè li te bay nan lane 1992 atache militè ameriken an Denis Quinn meday ki pote non ti frè yo Ortega. Camilo Ortega, ki te jwenn lanmò l an 1978 pandan li t ap goumen nan gwoup geriya sandinis yo.
Li te deklare piblikman "Zak inimajinab sa a se yon wont nasyonal (...) yon trayizon patri a,"
Nan reyaksyon ki te difize sou medya patizan gouvènman an El19Digital, pitit ak pitit pitit Humberto Ortega te eksprime "gwo doulè" yo e yo te mande pou "respekte entimite ak lapenn" fanmi an.
Daniel ak Humberto Ortega te gèryeros nan mouvman sandinis lan ki te pran pouvwa an 1979 apre yo te chavire diktati Anastasio Somoza, dènye dirijan, nan dinasti bout di Etazini t ap sipòte, ki te dirije peyi a pandan kat deseni.