Nan moman ansyen Prezidan Donald Trump tap aksepte nominasyon prezidansyèl pati Repibliken an Jedi, li te detaye vizyon li pou dirije peyi Etazini. Li bay yon imaj sonb de eta peyi a epi detaye divès akzyon li gen entansyon poze. Men komantè li yo te chaje ak mansonj ak enfomasyon ki detounen fè yo pa rapo ak imigrasyon, ekonomi Etazini ak sa li te akonpli pandan manda li.
Men fè yo:
IMIGRASYON
Trump: "Pi gwo envazyon nan listwa peyi nou ap dewoule kounyela a - yap soti nan tout kwen latè, pa sèlman Amerik di Sid men tou Afrik, Azi ak Mwayèn Oryan an - yap soti toupatou e administrasyon sa a pa fè anyen pou stope yo. Yap soti nan prizon, enstitisyon pou moun fou epi gen teworis nan nivo nou poko janm konstate anvan."
Fè yo: Trump pase anpil tan ap pale sou imigrasyon ak pakèt migran ki anvayi Etazini pandan diskou li a. Li repete plizyè mansonj ak enfomasyon ki ka kreye malantandi, pami yo ke migran yo koze yon ogmantasyon nan nivo krim kap komèt Ozetazini. Li site plizyè krim wo pwofil ki terib ke li di moun ki antre nan peyi a ilegalman komèt. Li site egzanp sa yo kom prèv.
Men sigjestyon ke gen yon ogmantasyon nan krim vyolan nan nivo nasyonal akoz migran ki antre Etazini se pa yon bagay ke fè yo pwouve. Done FBI yo pa triye krim ki komèt yo pa rapo ak stati imigrasyon sispèk la. Pa gen okenn prèv non plis tou ke gen ogmantasyon nan krim migran ap komèt ni nan vil ki sitye sou fwontyè ak Meksik la, ni nan vil ki resevwa yon pakèt migran tankou pa egzanp, Nouyok. Vreman vre, done nasyonal yo montre yon bès nan krim vyolan Ozetazini.
Gen etid ki montre moun kap viv Ozetazini ilegalman gen mwens chans pase Ameriken natif-natal pou yo jwenn arestasyon yo pou krim vyolan, abi dwog oubyen vol nan kay ak komès. Yon etid ke Akademi Syans Nasyonal la te pibliye an 2020 jwenn "bokou mwens arestasyon pou krim" pami moun kap viv Ozetazini ilegalman, konpare ak migran legal yo oubyen Ameriken natif natal.
Pa gen okenn prèv non plis, ki apiye lide ke lot peyi ap voye asasen, dwog dilè ak lot kriminèl Ozetazini.
EKONOMI
Trump: "Nou te gen pi gran ekonomi nan istwa mond lan."
Fè yo: Deklarasyon sa a lwen verite a. Pandemi COVID-19 la deklanche yon kokenn chenn resesyon pandan prezidans Trump la. Gouvènman an te prete $3,1 trilyon an 2020 pou stabilize ekonomi an e Trump kite Lamezonblanch ak mwens djob pase jan sityasyon an te ye lèl te antre.
Menm si ou wetire pwoblèm pandemi a koze, kwasans ekonomik Etazini te 2,5% pandan premye 3 ane prezidans Trump, ki solid. Men sa pa anyen konpare ak jan ekonomi a te ye pandan 2 manda Bill Clinton yo ant 1993 ak 2001 lè te gen yon kwasans 4%, dapre Biwo Analiz Ekonomik la. Vreman vre, kwasans ekonomi a pi djanm anba Biden jiskaprezan pase jan l te ye anba Trump.
Administrasyon Trump la te bese to chomaj la a 3,5% anvan pandemi a, men patisipasyon fos travay la pou moun ant laj 25 ak 54 an - ki se nannan popilasyon travayè Etazini - te pi bon anba Clinton. To patisipasyon an pi wo anba Biden tou pase jan l te ye anba Trump.
AFGHANISTAN
Pa rapo ak twoup Ameriken nan Afghanistan yo: "Nou kite dèyè tou ekipman militè ki vo $85 milya."
Fè yo: Chif sa yo anfle anpil dapre rapo Enspektè Jeneral pou Rekonstriksyon Afghanistan - SIGAR - pibliye. Se ajans sa a ki jere lajan enpo sitwayen Ameriken yo depanse sou konfli a.
Chif $85 milya a, sanble yon chif ki te nan yon rapo ki te pibliye 30 Jiyè ki detaye ke Etazini envesti apepre $83 milya pou bati, antrene epi ekipe fos sekirite Afghan yo depi ane 2001.
Sepandan finansman sa a gen ladann salè twoup yo, fomasyon, operasyon ak enfrastrikti epitou ekipman ak transpo pandan 2 deseni, dapre rapo SIGAR pibliye ke analis politik defans Dan Grazier, ki travay sou Pwojè Sipèvizyon Gouvènman an.
"Se vre nou depanse plis pase $80 milya pou ede fos sekirite Afghan yo," Grazier di AP nan mwad Out 2021. "Men se pa ekipman sèlman ki nan montan sa a."
Vreman vre gen $18 milya ki te ale pou ekipe fos Afghan yo ant 2002 ak 2018, dapre done ki nan yon rapo SIGAR pibliye an 2019.
HAMAS
Mike Pompeo, ki te sekretè d Eta anba Trump deklare pa rapo ak Ameriken Hamas kenbe ann otaj nan Gaza: "Prezidan Biden pap menm pale sou reyalite ke gen Ameriken rejim Iranyen an toujou kenbe ann otaj."
Fè yo: Prezidan Joe Biden pale plizyè fwa sou Ameriken ki pami 240 moun ke Hamas te pran an otaj 7 Oktob, 2023. Gen 8 Ameriken ke yo toujou kenbe, pami yo gen 3 ki mouri.
Pa egzanp, 3 jou apre atak ki te deklanche lagè Izrayelo-Hamas la, Biden te di: "nou konnen kounyea gen sitwayen Ameriken pami moun Hamas kenbe yo."
Yon ti tan apre sa, 20 Oktob, 2023, li te deklare: "jan mwen di fanmi Ameriken Hamas kenbe an otaj, nap pousuiv tout mwayen pou asire sitwayen sa yo tounen lakay yo."
Biden pibliye yon deklarasyon 14 Janvye 2024 ki dekri jou a tankou yon "jounen trajik e desevan" ki make 100 jou kaptivite pou plis pase 100 moun inosan, pami yo otanke 6 Ameriken ke Hamas toujou kenbe an otaj nan Gaz."
Pi resaman, 27 Avril, li te piblye yon mesaj sou kont Facebook ofisyèl li kote li di: "m pap poze toutotan tout otaj yo, tankou Abigail pa egzanp ke yo rale soti lakay fanmi li, ke Hamas kenbe, ka tounen jwenn fanmi ki renmen l. Mwen bay pawol mwen. Fanmi yo gen pwomès mwen."