Nan yon sesyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an 3 Jiyè pase, Anbasadè Ameriken Linda Thomas-Greenfield deklare kominote entènasyonal la dwe mande pou gang yo "pote responsablite pou atwosite ke yo komèt".
"Konsèy sa a dwe konsidere sanksyon kont moun ak gwoup ki responsab oswa konplis nan aksyon ki menase lapè ak sekirite ann Ayiti”.
Kenya voye yon premye kontenjan polisye ann Ayiti nan kad yon fòs sekirite miltinasyonal la.
Fòs sa la pou apiye lapolis ayisyen “PNH” nan batay kont gang ame kap teworize popilasyon an.
Etazini se youn nan sous prensipal kote zam ilegal ap soti pou antre ann Ayiti, kote gang yo pran kontwòl yon bon valè teritwa nan dènye ane yo.
Dapre Madam Thomas-Greenfield, administrasyon Prezidan Joe Biden nan ap atake pwoblèm sa a, nan tabli yon sistèm pou swiv wout trafik zam nan ak verifye ki soti sou teritwa Etazini.
Li di "Nou envite eta manm yo vin jwenn ak nou epi pran mezi pou ranfòse sistèm kontwòl sa a".
Lachin, ki sipòte efò Nasyonzini an men ki pa alèz ak Ayiti poutèt li rekonèt Taiwan, lonje dwèt sou Etazini.
Anbasadè chinwa Fu Cong di, "Lachin mande pou aplike kòmsadwa anbago zam ke Konsèy Sekirite a te dekrete kont Ayiti a. Nou mande Etazini ranfòse kontwòl li sou zam ak minisyon yo. »
Anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti, Maria Isabel Salvador, nan diskou li te fè devan Konsèy la tou, voye avèti pou di ke vyolans gang yo san gade dèyè depase kapital peyi a.
Madam Salvador kontinye pou di apeprè 578,000 moun deplase kouri kite kay yo, ki se yon ogmantasyon 60% depi mwa Mas pase, e ke se sèlman 20% nan enstalasyon sante yo ki ap fonksyone nòmalman.
"Vyolasyon dwa moun ak abi pèsiste nan nivo ki bay gwo kè-sote."
Nouvo Premye Minis ayisyen an, Garry Conille, nan yon vizit Washington, te pwomèt Madi nan yon entèvyou ak AFP li pwal aji ak "transparans" pou popilasyon an konprann tou sa li ap fè, nan moman pèp la bouke ak yon enstabilite ki la depi plizyè dizèn lane, pandan li jije ke sitiyasyon an "ekstrèman konplike".