Konsèy Sekirite Nasyonzini an te bay misyon an limyè vèt nan mwa Oktòb, men te gen reta nan deplwaman pandan plizyè mwa akòz reta lojistik ak defi legal ke gouvènman Kenya genyen devan lajistis akoz desiyon yo te pran pou voye polisye yo al ann Ayiti, e desisyon yo toujou ann diskisyon nan tribunal Kenya.
Prezidan Ruto, ki te aksepte ke peyi li ta dirije misyon sa a, te ale nan kanton fòs lapolis elit yo lendi pou yon seremoni pou di yo orevwa ki te fèt dèyè pòt fèmen.
Yon ofisyèl Ministè Enteryè, ki te mande pou pa site non li , te di AFP:
"Se te yon seremoni ofisyèl. 400 ofisye yo pare kounye a pou yo kite demen pou yo ale ann Ayiti."
Enfòmasyon an te konfime pa yon responsab prezidans la, ki te endike ke chèf deta a te senbolikman ba yo yon drapo Kenya.
An total, Kenya dwe voye mil polisye gason ann Ayiti.
Lòt peyi ki dwe kontribye tou nan fòs sa a se: Benen, Bahamas, Bangladèch, Barbad, epi Chad.
Kontenjan Kenya a pral konpoze de ofisye polis elit, sitou nan eskwadwon anti-teworis Recce Squad ki te entèvni pandan atak yo te fè pa radikal Islamis Somalyen Shebab te fèt sou tè Kenya (kont Inivèsite Garissa an 2015 ak sant komèsyal Westgate yo) ak Dusit nan 2013 ak 2019).
Li pral gen ladan tou manm Inite Deplwaman Rapid (RDU), inite vòl Anti-stock ak Inite Patwouy Fwontyè (BPU), angaje an patikilye nan batay kont Shebab la nan rejyon fwontyè ak Somali.
Misyon sipò sekirite miltinasyonal sa a (MMAS), ki te planifye pou dire yon ane (jiska oktòb 2024), pral sipòte polis ayisyen an nan operasyon li kont gang ak krim, asire sekirite nan enfrastrikti (ayewopò, pò, lekòl, lopital, elatriye) epi pèmèt sivil yo gen "aksè san anpeche ak sekirite nan èd imanitè", dapre sa ki te ekri nan rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an te vote nan dat 2 oktòb 2024 la.