Philippe Branchat, chèf òganizasyon Nasyonzini an ann Ayiti di "Chif nou wè jodi a se konsekans dirèk ane vyolans sa a kap ogmante pou rive nan yon nivo ki pi wo pase sa nou te anrejistre an fevriye -- ak enpak imanitè katastwofik yo".
"Kriz ki p'ap janm sispann an Ayiti ap fòse pi plis moun kouri kite kay yo epi kite tout bagay dèyè. Sa yo se pa desizyon pou nou pran alalejè. E sak pi mal, pou anpil moun, se pa premye fwa ke yo kouri kite kay yo ".
Dapre done OIM pibliye madi a, kounye a Ayiti gen 578,074 moun ki kouri kite kay yo, konpare ak 362,551 nan kòmansman mwa Mas la, pou yon total de plis pase 10 milyon abitan.
Alò nou pako menm rive nan mwatye ane 2024 l, kantite moun ki kouri kite kay yo ane sa a "deja prèske tet koupe ak kantite moun ki te kouri kite kay yo " pou ane 2023, rapò a mete aksan sou sitiyasyon an ki vin pi grav.
Ogmantasyon sa a gen anpil pou wè ak kantite moun ki te kouri kite Pòtoprens pou al pran refij nan lòt pwovens ki pa nesesèman gen resous pou akeyi yo.
Se konsa, OIM te idantifye prèske 95,000 moun ki kite kapital la ant 8 mas ak 9 avril, sitou pou yo ale nan pwovens Grand Sid peyi , kote deplase yo kounye a reprezante 10% nan popilasyon an.
Ayiti ap soufri anba enstabilite politik kwonik depi plizyè dizèn ane. Men, nan dènye mwa yo, peyi a te oblije fè fas a yon resurjans zak vyolans gang, ki kontwole 80% kapital la Pòtoprens.
Nan nivo nasyonal, majorite nan anviwon 600,000 moun ki deplase yo (80%) se fanmi ki akomode, dapre done OIM yo.
Men, se pa sa a nan kapital la ki te wè yon ogmantasyon nan kantite sit enpwovize - sitou lekòl - kote moun ki deplase yo ap viv "nan kondisyon ki pa sanitè".
Kounye a, OIM estime kantite moun ki deplase nan metwopòl Pòtoprens nan prèske a 185,000, yon ogmantasyon de 15% depi kòmansman mwa mas la.