Accessibility links

Breaking News

Biden Rive Paris pou Komemorasyon Jou J


Prezidan Joe Biden mache bo kote gad done La Frans apre li debake nan ayewopo Orly a nan sid Paris, 5 Jyen, 2024.
Prezidan Joe Biden mache bo kote gad done La Frans apre li debake nan ayewopo Orly a nan sid Paris, 5 Jyen, 2024.

Prezidan Etazini Joe Biden rive nan vil Paris, an Frans, kote li pral make 80èm anivèsè envazyon Jou J a. An menm tan, prezidan Ameriken an ap eseye montre sipo djanm Etazini pou sekirite Ewop la nan moman kote kèk alye gen kè sote pou Donald Trump pa fè sa l menase pou l fè a, kise kraze tout angajman Etazini pran si li ranpote yon lot manda nan Lamezonblanch.

Vwayaj an Frans la ap dewoule nan moman kote konfli kote plis moun mouri depi Dezyèm Gè Mondyal la ap kontinye an Ikrèn. Epitou, alye Ewopeyen yo ap redi pou jwenn yon mwayen pou anpeche La Risi ranpote la viktwa nan moman lap vale teren sou chan d batay la.

Yon lot kote, divizyon ant Etazini ak anpil alye Ewopeyen pa rapo ak kijan yo dwe jere konfli Izrayelo-Hamas la nan Gaza ap apwofondi chak jou.

Biden rive Paris Mèkredi maten. Jedi, li pral vizite plaj Normandy yo kote gen yon simityè pou solda Ameriken ki te mouri nan batay pou kanpe Dezyèm Gè Mondyal la.

Biden va pran la pawol Vandredi nan Pointe du Hoc, yon lye sou kot peyi La Frans kote solda lame yo te grenpe morn bo lanmè pou simonte defans Nazi yo.

Konseye Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, Jake Sullivan deklare abo avyon prezidansyèl la, Air Force One pandan Biden te nan wout pou al La Frans, ke prezidan an pral mete aksan sou kijan solda ki te grenpe morn sa yo te "mete peyi a an premye" epi detaye "danje izolman epi kijan si nou apiye diktatè olye nou defye yo, yo pral pouse pou pi devan epi evantyèlman Etazini ak le mond va peye yon pi gwo pri."

Pandansetan, Prezidan Franse a, Emmanuel Macron te rann omaj a sivil ki te viktim batay Normandy a 6 ak 7 Jyen 1944.

Macron vwayaje nan vil Saint-Lo Mèkredi pou komemorasyon ki te dewoule nan lonè viktim yo.

Nap raple ke gen 20,000 sivil ki te mouri nan envazyon Nazi yo pandan fos alye yo tap goumen pou pwoteje e sove yo. Met sou sa, gen 73,000 twoup ki te mouri epi 153,000 ki te blese.

XS
SM
MD
LG