Mwayen Oryan
Biden di Netanyahu Sipò Ameriken nan Lavni Pral Depann de Nouvo Mezi li Pran pou Pwoteje Sivil yo

Lamezonblanch pibliye yon kont randi konvèsasyon telefòn Prezidan Joe Biden te genyen ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu maten an.
Dapre nòt li voye bay jounalis yo e nap site: Prezidan Biden mete aksan sou le fèt ke atak kont travayè imanitè yo ak sityasyon imanitè a an jeneral nan Gaza pa akseptab. Li deklare klèman bezwen ki egziste pou Izrayel anonse aplikasyon yon seri mezi konkrè presi e mezirab pou pwoteje sivil yo anpeche soufrans imanitè epi sekirize travayè imanitè yo. Li di klèman ke evalyasyon nou de mezi imedya Izrayel pran sou etap sa yo pral detèmine politik Etazini pa rapò ak Gaza. Li souliyen ke yon seselfe imedya esansyèl pou amelyore sityasyon imanitè a epi pwoteje sivil inosan. E li ankouraje Premye Minis la pou l bay negosyatè li yo pouvwa pou finalize yon antant san pèdi tan pou otaj yo ka tounen lakay yo."
Sekretè d Eta Antony Blinken pale sou frap Izrayelyen an nan diskou li pwononse jodia a l okazyon 75em anivèsè LOTAN nan katye jeneral li nan Brusèl, Bèljik:
"Byen antandu sak te pase apre 7 Oktòb la te ka fini imedyatman si Hamas te sispann kache dèyè sivil, lage otaj yo epi depoze lèzam. Men Izrayèl pa Hamas. Izrayèl se yon demokrasi. Hamas se yon òganizasyon teworis. E demokrasi valorize lavi kretyen vivan pi plis. Lavi tout kretyen vivan. Jan nou konn di l moun ki sove yon vi sove mond lan. Se fòs nou e se sak fè distenksyon ant noumenm ak teworis yo. Si nou pèdi respè pou lavi kretyen vivan pa gen diferans ant noumenm ak teworis yo. "
Repons Izrayel
Lame Izrayel deklare Jedi li pwal pibliye “tale konsa” anket li mennen sou frap ki te fet sou yon konvwa ONG World Food Kitchen ki touye 7 travaye imanitè.
Amiral Daniel Hagari deklare anket la dewoule yon fason kle e transparan.
"Jodia nou prezante anket sou ensidan grav kote anplwaye World Food Kitchen te mouri trajikman. Se yon oganizasyon ki konsakre tèt li pou fe byen, bay moun ki nan bezwen nan Gaza yo manje. Li te bay sitwayen Izrayel manje apre 7 Oktob. Nou te mennen yon anket an detay.”
Gen plis pase 33 mil Palestinyen ki mouri nan konfli Izrayelo-Hamas la ki la depi 6 mwa. Gen plis pase 75,600 lòt ki blese dapre chif ke Ministe Sante Gaza a pibliye Jedi.
Ministè a pa fè diferans ant lanmò sivil ak konbatan nan chif li pibliye yo men li di fanm ak timoun reprezante 2 tyè nan viktim yo.
Mekredi swa, Minis Defans Etazini Lloyd Austin te di tokay Izrayelyen li ke frap kote Izrayel di li te vize travaye imanitè yo pa erè, sa ranfose kè-sote Etazini genyen sou plan Izrayel genyen pou lanse yon ofansiv atè nan sid Gaza. Austin di fok Izrayel fè plis efò pou pwoteje lavi sivil ak travayè imanite ki nan zonn lagè a.
Pandansetan, Nasyonzini di pifò popilasyon rejyon nò Gaza prèt pou mouri ak grangou.
Isit Ozetazini, Prezidan Joe Biden ap fè fas ak pwotestasyon pou konfli Gaza a. Vrèman vre, li te konfwonte ak youn andedan Mezonblanch semen sa a.
Reyakzyon Mizilman Ameriken
Sete pandan yon rankont prive Madi kote Biden, vis presidan Kamala Harris ak responsab sekirite nasyonal Etazini yo tap tande kè-sote Mizilman Ameriken yo pa rapò ak lagè Izrayel ak Hamas la.
Yon ti tan apre konvesasyon an te tanmen, yon doktè Palestinyen Ameriken ki rete Chicago ki travay kom volontè nan Gaza te anonse lap vire do li.
Anvan li te pati kite rankont la Thaer Ahmad te prezante bay prezidan an let yon tifi 8 an ki pèdi paran li e kap viv nan Rafah. Lèt la te gen yon foto avè l. Ahmad Biden te bay yon repons an soudin.
"Donk mwen te leve epi eskize m epi m di mwen ta renmen bawou let sa a ke yo tifi 8 an ekri. Li rele Hadeel. Li rete anba yon tant nan Rafah. Kounyela a. Li se yon orfelen e li se moun Khan Yunis e li pedi kay li ak tout manm fanmi li. Epi nan lèt la, timoun nan ap soupriye prezidan an esansyelman pou asire ke yo pa anvayi Rafah paske li pè anpil pou sa pa rive. Donk mwen te vle remet Biden foto li tou. Li gade foto a e li di li konprann. Donk apre sa mwen kite sal la.”
Apui Biden pou operasyon militè Izrayel nan Gaza – ak lavant zam Ameriken – soulve kolè nan mitan Mizilman Ameriken yo.
Lagè a te tanmen 7 Oktob apre yon atak sipriz Hamas ki te touye 1,200 Izrayelyen, dapre chif ke Izrayèl te bay.
Se Mezonblanch ki te oganize rankont ak Mizilman yo – yon dine pou selebre fen mwa Ramadan an. Plizyè lidè kominitè Mizilman te refize envitasyon an paske yo di li pa apwopriye nan moman kote anpil moun ap mouri grangou nan Gaza.
Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell kontribye a repòtaj sa a
See all News Updates of the Day
Administrasyon Trump la Pral Reprann Asistans Militè pou Ikrèn

Administrasyon Trump la deklare Madi 12 mas la li pral leve tou suit sispansyon asistans militè pou Ikrèn ak pataj ransèyman ak Kyiv.
Anons la vini yon semèn apre Etazini te enpoze mezi pou fòse Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy tanmen chita tande pou mete fen nan lagè a ak fos Ris yo.
Yon deklarasyon administrasyon an te pibliye pandan chita tande ant Ikrèn ak Etazini nan Arabi Saoudit.
Ikrèn di tou li ouvè pou l ta obsève yon seselfe 30 jou nan lagè ak Larisi si Kremlen an dakò.
- Jean Robert Phillipe
Rubio Vwayaje Arabi Saoudit
Yon rankont wo nivo ant Etazini ak Ikrèn gen dewoule nan Arabi Sawoudit nan jefò pou mete fen nan gè Ikrèn Larisi-a.
Etazini Pale Ak Hamas
Yon negosyatè sou kesyon otaj nan administrasyon Trump lan di dènye reyinyon li te genyen ak reprezantan gwoup Hamas la, yon gwoup Etazini klase kòm gwoup teworis, te "itil." Diskisyon yo te konsantre sou liberasyon yon otaj Ameriken-Izraelyen Hamas kenbe.
Netanyahu nan Tribinal Pou Temwaye nan yon Dosye Koripsyon

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, rive nan tribinal Tel-Aviv pou l temwaye nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu anba akizasyon pou koripsyon, fwod, ak abi konfyans nan twa dosye diferan, sa ki fè l vin premye Premye minis an fonksyon nan peyi a ki sibi yon jijman penal.
Madi, pou premye fwa, yo te tande l nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu te deklare akizasyon yo "ridikil".
Nan depozisyon li, li te di: "Pa gen koripsyon, pa gen fwod. Sa jis ridikil." Apre sa, li te pase yon pati nan tan li ap kritike medya yo.
Odyans sa a make rekòmansman pwosè a ki te tanmen nan mwa me 2020, men ki te sispann akòz lagè a nan Gaza. Netanyahu te mande plizyè fwa pou yo repouse dat pwosè a, akoz lagè ki te eklate apre atak mouvman islamis palestinyen Hamas la te lanse sou Izrayèl 7 oktòb 2023. Lagè a toujou ap kontinye.
Pandan odyans madi a, Netanyahu te reponn akizasyon ak temwayaj ki te fèt sou li, sitou temwayaj kèk ansyen kolaboratè l.
Devan tribinal Tel-Aviv la, sipòtè li yo t ap chante : "Netanyahu, pèp la dèyè w!" Pandan tan sa a, opozan li yo, ki ap manifeste kont li depi plizyè mwa, t ap rele: "Prizon pou Bibi!" – "Bibi" se ti non Netanyahu.
Lè yo te mande l ki jan li santi li fas ak akizasyon yo, li te reponn : "Di se yon gout dlo nan lanmè ta egzajere, men mwen okipe ak kesyon ki pi enpòtan nan nivo mondyal."
Plizyè depite ki fè pati kowalisyon gouvènmantal li a te asiste odyans la, ki te fèt nan yon sal anba tè. Pou rezon sekirite, pwosè a te deplase soti Jerizalèm pou ale Tel-Aviv.
Ajan Imigrasyon Arete yon Aktivis Palestinyen ki Ede Dirije Manifestasyon nan Inivèsite Columbia

Yon aktivis Palestinyen renome ki te ede dirije manifestasyon ki te dewoule nan sezon prentan ane pase a nan Inivèsite Columbia anba kòd apre ajan imigrasyon federal Etazini arete l.
Avoka Mahmour Khalil di yo arete l nan apatman li ki sitye tou pre inivèsite a. Ajan yo te di l yap egzekite lòd Depatman Deta pase pou revoke green card li (kat vèt ki akòde moun rezidans pèmanan Ozetazini).
Khalil, ki gradye nan mwad Desanm nan jwenn arestasyon li apre ajan ICE yo te debake lakay li, yo kenbe l nan yon sant detansyon nan New Jerze.
Madanm misye ki ansent 8 mwa, di otorite yo pat esplike poukisa yo tap arete l.
Yon pòtpawòl Depatman Sekirite Nasyonal la konfime arestasyon Khalil. Yo dekri l tankou yon aksyon ki apiye dekre Prezidan Trump pase ki entedi zak anti-Juif.
Marco Rubio Vwayaje Arabi Saoudit pou Rankontre Tokay Ikrenyen li

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, sou wout pou l al Arabi Saoudit dimanch pou l patisipe nan yon chita pale semèn sa a ak tokay Ikrenyen li , kèk jou apre Prezidan Donald Trump te pran desizyon pou l sispann èd militè pou Kiev.
Chèf diplomasi Ameriken an pral nan Jeddah soti Lendi pou rive Mèkredi pou "travay sou objektif prezidan (Trump) pou negosye pou mete fen nan lagè ant Larisi ak Ikrèn", dapre sa Depatman Deta a di nan yon nòt pou laprès.
Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te anonse tou ke li ta pral Jeddah, menm jan ak anvwaye Ameriken Mwayen Oryan an Steve Witkoff.
Donald Trump te di repòtè yo dimanch aswè abò avyon prezidansyèl Air Force One la "Nou pral fè anpil pwogrè. Mwen panse sa ap fèt semèn sa a"nan dosye Lagè Ikrèn nan.
Gaza : Lame Izrayèl di li Frape Yon Bato Bò Kot Khan Younès

Lame peyi Izrayèl anonse lendi li te frape yon bato sispèk ki te toupre vil kotyè Khan Younès nan sid Gaza, paske selon li, batiman sa a te menase sekirite zòn nan.
Lame a deklare nan yon kominike : "Nou te frape pi bonè jodi lendi a yon bato-a-motè sispèk ki te toupre kòt nò Khan Younès, ki t ap vyole restriksyon sekirite yo epi ki te reprezante yon menas."
Lame a ajoute li te tire kout zam sou de sispèk ki t ap pwoche pre sòlda li yo nan sid Gaza.
Rubio Di Li Siyen Dokiman pou Voye $4 Milya Èd Militè Bay Izrayèl

Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio te di Samdi 1 mas la li te siyen pou voye anviwon $4 milya èd militè bay Izrayèl la.
Nan yon deklarasyon tou kout, Rubio raple ke yon anbago pasyèl sou zam ansyen Prezidan Joe Biden te enpoze te leve.
"Mwen te siyen yon deklarasyon... pou akselere livrezon apeprè $4 milya èd militè bay Izrayèl " .
Bèlen Mande Izrayèl pou " Pwoteje Sivil yo " nan Sijòdani

Almay eksprime vandredi enkyetid li sou operasyon lame Izrayèl ap mennen nan twa kan refijye palestinyen nan nò Sijòdani, e li mande pou yo " pwoteje sivil yo pi byen " epi "garanti retou yo pi vit posib."
"Nou mande gouvènman Izrayelyen an pou l pi byen pwoteje sivil yo ak enfrastrikti sivil yo pandan operasyon militè a epi garanti retou 40,000 moun sa yo lakay yo pi vit posib," dapre sa Ministè Afè Etranjè Alman an ekri nan yon kominike.
Li konsidere tou kòm "inakseptab" pwojè pou lame Izrayèl rete "alontèm" nan kan Jènin.
Trèv nan Gaza : Netanyahu Mande Negosyatè li yo pou yo Ale Caire pou Diskisyon

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, mande jedi pou negosyatè izrayelyen yo ale nan vil Caire pou negosyasyon sou jan lagè nan Gaza a ka sispann, dapre sa biwo li fè konnen.
"Premye Minis Netanyahu mande delegasyon negosyatè yo pou yo vwayaje ale nan vil Caire jodi a (jedi) pou yo kontinye diskisyon yo," dapre sa biwo Premye Minis la deklare, san bay plis detay.
Izrayèl ak Hamas Dakò sou yon Nouvo Echanj, sa ki Kenbe Trèv Frajil la Entak

JERIZALÈM (AP) — Ofisyèl Izrayelyen ak Hamas yo di yo rive jwenn yon akò pou echanj kadav otaj ki mouri yo ak liberasyon plizyè santèn prizonye Palestinyen. Akò a, ki te fèt madi, kenbe trèv frajil la an plas pou omwen kèk lòt jou.
Izrayèl te retade liberasyon 600 prizonye Palestinyen depi samdi pou pwoteste kont sa li rele move tretman otaj yo pandan liberasyon yo.
Gwoup militan an di reta sa a se yon “vyolasyon grav” trèv la epi li deklare negosyasyon pou yon dezyèm faz pap posib jiskaske prizonye yo libere. Blokaj sa a te menase pou kraze trèv la.
Men, nan fen jounen madi a, Hamas te anonse li te rive jwenn yon akò pou debloke enpas la.
Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.
Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.
Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .
Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.
Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.
Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.
Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.
Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.
Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.
Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.
Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.
Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.
Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."
Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."
Facebook Forum