Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Batay Fewòs ap Kontinye Ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza

Atak Fewos ap Kontinye ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:27 0:00

Atak Fewos ap Kontinye ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza

Videyo lame Izrayelyen an pibliye montre twoup ak machin blende ap goumen nan Gaza.

Gen sitwayen ki di jounalis Reuters ke tank Izrayelyen te mennen operasyon nan zon Bann Gaza a ke yo te kite semen pase a epi deklanche batay pi entans ki dewoule nan zon nan depi joudlan.

Nan maten, moun te ka we lafimen nan syel la epi sistem defans Izrayelyen Iron Dome lan ki tap desann obu militan Palestinyen yo lanse. Obsevate konsidere sa kom prev deske militan yo toujou gen kapasite pou lanse obi kont Izrayel, plis pase 100 jou apre komansman lage a.

Gen yon obu ki tonbe sou vil Netivot nan Izrayel. Pesonn pa blese.

Izrayel di twoup li yo touye plizye douzen konbatan Hamas nan nuit la pandan batay ki dewoule nan Beit Lahiya ki sitye nan pwent no Gaza.

Palestinyen yo bo kote pa yo di yon atak nan Rafah, tou pre fwontye Ejipt la touye preske yon douzen manm 2 fanmi pandan yo tap pran soupe.

Zaher Abu Zarifa te transpote kadav pitit gason li, Saif ki te gen 7 an ke li di tap monte bisiklet tou pre lekol li le li mouri. Li mande pitit li padon paske li patka pwoteje l.

Otorite lasante Gaza yo di gen 158 moun ki mouri pandan bonbadman Izrayelyen yo pandan 24 he ki pase yo. Sa fe bilan viktim yo apre 4 mwa batay rive a 24 mil 285. Gen plizye milye lot kadav yo krenn ki antere anba dekonb.

Izrayel te lanse lage sa a nap raple pou dechouke militan Hamas yo apre yo te lanse yon atak nan sid Izrayel 7 Oktob ane pase ki te lakoz 1,200 moun te mouri. Apre sa yo te pran 240 moun ann otaj.

Gen yon timoun Izrayelyen ki rele Kfir Bibas ki te gen 9 mwa le Hamas te pran l ann otaj ansanm ak fanmi li. Jodia se fet li. Fanmi li fete premye anivese li san prezans li ak yon gato, balon, foto, epi benediksyon.

Pandan yon seselfe ki te dire 7 jou, Hamas te lage 100 otaj. Sepandan gen yon lot 100 moun ke yo toujou kenbe ann otaj.

Atak Izrayelyen yo lakoz moun Gaza oblije kouri kite kay yo plizye fwa epi koze yon kriz imanite ak rate manje, gaz epi pwovizyon medikal.

Pi fo pami 2,3 milyon abitan Gaza yo ap viv kounyea nan kek zon nan sid la ki sichaje ak moun men kote twoup Izrayelyen yo poko antre.

See all News Updates of the Day

Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

U.S. Secretary of State Rubio visits UAE
U.S. Secretary of State Rubio visits UAE

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.

Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.

Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .

Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.

Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.

Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.

Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.

Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.

Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.
2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.

Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.

Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.

Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.

Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.

Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."

Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."

Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem
U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.

Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”

Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.

Load more

XS
SM
MD
LG