Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Rebèl Houthi yo Sèmante pou yo Pran Reprezay pou Atak Ameriken-Britanik yo

Nan foto sa a ke Ministe Defans Britanik la pataje ak lapres Jedi 11 Janvye 2024, yon avyon Typhoon RAF (Fos Ayeryen Wayal la) dekole nan baz li nan Akrotiri, La Chip pou mennen yon misyon nan Yemen.
Nan foto sa a ke Ministe Defans Britanik la pataje ak lapres Jedi 11 Janvye 2024, yon avyon Typhoon RAF (Fos Ayeryen Wayal la) dekole nan baz li nan Akrotiri, La Chip pou mennen yon misyon nan Yemen.

Rebel Houthi yo nan Yemen sèmante pou yo pran reprezay pou frap Ameriken ak Britanik yo, sa ki ogmante kè sote moun genyen dèske konfli Mwayèn Oryan an ka gaye pi plis, nan moman kote Izrayèl kontinye ap atake Gaza.

Etazini ak Angletè lanse atak ayeryen kont rebèl yo pou reponn yon seri atak ak dron epi misil yo te lanse kont bato komèsyal kap navige nan Lanmè Wouj la ki se yon pasaj maritim esansyèl.

Houthi yo deklare Vandredi frap yo lakoz omwens 5 moun mouri e 6 blese.

Brigadye Yahya Saree se pòtpawòl militè Houthi yo:

"Enmi Ameriken ak Britanik yo responsab konplètman pou agresyon sa a kont pèp Yemen nan e nou pap kite sa fèt konsa san nou pa reponn."

Plizyè milye moun peyi Yemen te pran lari Sanaa, ki se kapital peyi a ke rebèl Houthi yo kontwole.

Mohamed al-Masawy te pami manifestan yo:

"Pa rapò ak frap Ameriken ki sible divès gouvèrnora - yo vle wetire atansyon nou sou koz Palestinyen an men yo pap kapab paske se premye koz nap defann e se poutèt sa nou pran lari jodia. "

Larisi kondane atak Ameriken yo ak fòs.

Maria Zakharova se pòtpawòl Ministè Afè Etranje Larisi:

"Pozisyon Etazini adopte devan Konsèy Sekirite LONU an sou Lanmè Wouj la se yon preteks pou chofe tansyon yo pi plis nan rejyon an. Nou kondane ak fòs aksyon iresponsab Etazini ak alye li yo komèt."

Lachin eksprime kè sote. Mao Ning, pòtpawòl Ministè Afè Etranje Lachin deklare:

"Lachin gen kè sote pou tansyon yo ki ogmante nan lanmè wouj la e nou lanse apèl bay pati konsène yo pou yo egzèse kalm, mete dlo nan diven yo pou anpeche konfli a gaye pi plis. Lanmè wouj la enpòtan anpil pou komès global ak enèji."

Ostrali ak Almay eksprime sipò yo pou atak yo.

Annalena Baerbock, Minis Afè Etranje Almay pale ak jounalis yo nan peyi Malezi kote lap fe yon vizit ofisyel:

"Houthi yo responsab pou tout konsekans aksyon yo poze kont bato sivil. Fòk yo sispann atak sa yo tou suit."

Atak ak bonm yo dewoule anvan solèy la leve Vandredi e yo te sible plizyè kote rebèl yo, ke Iran apiye, kontwole.

Atak alye yo soulve atansyon mond lan tou, sou lagè kap dewoule nan Yemèn depi yon lane.

See all News Updates of the Day

Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

U.S. Secretary of State Rubio visits UAE
U.S. Secretary of State Rubio visits UAE

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.

Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.

Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .

Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.

Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.

Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.

Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.

Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.

Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.
2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.

Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.

Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.

Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.

Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.

Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."

Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."

Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem
U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.

Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”

Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.

Load more

XS
SM
MD
LG