Mwayen Oryan
Komèsan Bethlehèm yo Mete Men nan Tèt - Pa gen Touris ni Pelren

Dabitud vil Bethlehem konn chaje aktivite nan peryod fèt nwèl la kote touris ap debake pa bann e pa pakèt pou wè lye kote Jezikri te pran nesans.
Men ane sa a, anpil touris ak pelren deside pa vwayaje al nan vil Palestinyen an akoz konfli ki mete Hamas dozado ak Izrayèl.
Sa lakoz otèl, restoran ak magazen ki vann souvni dezète.
Konfli Izrayèl Hamas la okipe gran tit aktyalite entènasyonal la chak jou depi 7 Oktòb, lè militan Hamas yo te atake sid Izrayèl.
Apre sa Izrayèl te lanse atak kont Gaza, sa ki lakoz zak vyolans yo ogmante anpil nan Sisjòdani.
Joey Canavati se yon propriyetè otèl. Gen 4 jenerasyon fanmi li ki pran nesans, abite epi travay nan Bethlehèm.
"Tout moun ki abite Bethlehèm depann tou tourism. Lè tout bagay fèmen, tout peyi a fèmen se yon bagay ki enkwayab. Se pral pi move nwèl nou janm pase."
Ekonomi lokal Bethlehèm nan depann anpil sou anplwa ki lye ak touris ki vinn vizite Legliz Nativite a.
Kretyen yo kwè legliz la sitye sou sit kote Jezikri te pran nesans.
Canavati di otèl li te plen nèt ak rezèvasyon pou fèt nwèl la anvan 7 Oktòb. Men sityasyon an chanje drastikman depi lè a.
" Otèl la konplètman vid. Nou pa gen touris. Pèsonn. En plis nou gen plan vwayaj pou 2024 ke moun anile. Donk nou tap espere yon bon ane 2024, men kounyea tout sa nou resevwa nan email se anilasyon. Donk se yon katastwòf."
Plas Bethlehèm nan sitye devan Legliz Nativite a e li sèvi kòm pwen kle pou selebrasyon Nwèl yo.
Sepandan li te kalm e prèske vid.
Rony Tabash gen yon magazen ki vann souvni tou pre a.
"Nan epòk sa a nan ane a. Nou konn gen anpil festival. Bethlehèm se youn nan pi bon kote nan mond lan. Se nan epòk nwèl sa a Jezu te pran nesans nan Bethlehem. Donk pou noumenm sityasyon an vreman difisil. Depi 2 mwa pa gen okenn pelren, okenn touris."
Ala'a Salameh gen yon restoran nan zon nan. Li di li konstate yon gwo bes nan kantite vizitè yo tou.
"Nap priye pou lapè. Ou konnen Bethlehem se yon vil kote lapè te pran nesans, donk li ta dwe yon mesaje pou lapè pwopaje toupatou nan mond lan."
See all News Updates of the Day
Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.
Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.
Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .
Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.
Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.
Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.
Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.
Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.
Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.
Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.
Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.
Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.
Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."
Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."
Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.
Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”
Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.