Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Etazini ap Eseye Pran Tèt Izrayèl pou l Fè Poz nan Atak li pou Plis Asistans Imanitè ka Antre Gaza

Sekrete Deta Antony Blinken pale ak lapres sou rankont li te genyen ak tokay Tik li a anvan li kite Ankara, La Tiki, 6 Novanm, 2023.
Sekrete Deta Antony Blinken pale ak lapres sou rankont li te genyen ak tokay Tik li a anvan li kite Ankara, La Tiki, 6 Novanm, 2023.

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken mete fen nan yon vire ron rapid rapid nan Mwayèn Oryan an ak yon vizit nan La Tiki.

Blinken ranpòte siksè limite sèlman nan kad jefò diplomatik lap mennen pou jwenn yon konsansus rejyonal sou pi bon mwayen pou soulaje soufrans sivil yo nan Gaza pandan Izrayèl ap entansifye lagè li kont Hamas.

Blinken Vizite La Tiki pou Ranmase Sipò pou Jefò Etazini Lanse pou Anpeche Konfli Izrayel-Hamas la Gaye
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:34 0:00

Nan kapital La Tiki, Ankara, Blinken te rankontre tokay Tik li, Minis Afè Etranje Hakan Fidan apre yon vizit pandan wikèn nan ki te mennen l Izrayèl, Jòdani, Sisjòdani, Chipr ak Irak pou eseye ranmase sipò pou plan administrasyon Biden nan pwopoze pou yo ta fè "poz imanitè" nan kanpay militè san relach Izrayèl ap mennen nan Gaza a.

Nan pale li te fè ak jounalis yo anvan li te pati kite La Tiki Lendi, Blinken te eksprime kè sote yo genyen pou sivil yo.

"Nou konnen gen anpil kè sote pou konsekans terib lagè Gaza a genyen sou Palestinyen, gason, fanm ak timoun nan Gaza, sivil inosan - se yon kè sote nou pataje e nap travay sou sa chak jou. Nap diskite ak Izrayelyen yo sou divès etap yo ka pran pou minimize lanmò sivil yo. Nap travay trè agresivman pou voye plis asistans imanitè nan Gaza e nou gen kèk mwayen konkrè pou fè sa. E mwen kwè ou pral wè nan jou kap vini yo ke asistans ka ogmante yon fason enpotan pou ke plis moun ki bezwen l rive jwenn ni epi asire ke moun kapab kontinye pati kite Gaza."

Manifestan kenbe yon bannye ki di nan lang Tik: "Non a Jenosid" pandan yon manifestasyon pwo-Palestinyen devan anbasad Ameriken Ankara a, 6 Novanm 2023.
Manifestan kenbe yon bannye ki di nan lang Tik: "Non a Jenosid" pandan yon manifestasyon pwo-Palestinyen devan anbasad Ameriken Ankara a, 6 Novanm 2023.

Plizyè douzèn manifestan te pran lari pou pwoteste kont vizit Blinken nan Ankara. Yo te akize Etazini dèske li konplis nan lanmò sivil Palestinyen yo nan Gaza.

"Opresyon Izrayèl bò kote pèp Palestinyen an ak kolaboratè li yo kontinye. Opresyon Mizilman yo ap kontinye. Men fwa sa a li enpòtan ke trafik diplomatik ant peyi sa yo pa sispann. Nan sans sa a, vizit Sekretè Deta Etazini an nan La Tiki gen anpil siyifikasyon, " yon manifestan Tik deklare.

Manifestan Tik penn men yo an wouj epi kenbe pankat pou montre apui yo pou Palestinyen yo devan Ministe Afe Etranje La Tiki a nan Ankara, 6 Novanm 2023.
Manifestan Tik penn men yo an wouj epi kenbe pankat pou montre apui yo pou Palestinyen yo devan Ministe Afe Etranje La Tiki a nan Ankara, 6 Novanm 2023.

Vwayaj Blinken nan vini nan moman twoup Izrayelyen yo ansèkle vil Gaza epi bloke rejyon nò teritwa Hamas kontwole a. Twoup yo ta sipoze antre nan vil la swa Lendi ou Madi e gen anpil chans pou yo fè fas ak militan kap goumen nan lari epi ki sèvi yon rezo tinèl. Bilan viktim yo pral pwobableman ogmante bò kote Palestinyen yo ak Izrayelyen yo nan lagè a ki deja dire yon mwa e ki lakoz plis pase 9,700 Palestinyen pèdi lavi yo.

Diplomat pi wo plase Etazini an espere poz nan lagè a taka pèmèt plis asistans imanitè rive Gaza epi pèmèt liberasyon otaj Hamas kenbe depi 7 Oktòb, lè yo te atake rejyon sid Izrayèl epi touye plis pase 1,400 moun - pi fo nan yo sete sivil. Li espere sa ka anpeche konfli a pwopaje pi plis.

" Nap travay sou detay yo chak jou - sitou anski konsène aksè oganizasyon imanitè yo epi ogmante pwovizyon kap antre. Jan mwen te di l sa gen kek jou, koz imanitè ke nap diskite ak Izrayelyen yo gen pou wè ak sa patikilyèman. Yon aspè kritik se pwogrè pou libere otaj yo. Se yon kestyon kote nou konsantre anpil efò."

Blinken pa rakontre Prezidan Recep Tayyip Erdogan ki kritike anpil Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu. Li se youn nan manm LOTAN ki alye Etazini ki pa apiye konplètman lide ke Izrayèl gen dwa defann tèt li.

Misyon Blinken nan, ki se dezyèm li nan rejyon an jwenn sipò tyèd selman pou jefò Etazini ap fè pou jere enpak konfli a. Izrayèl rejte ide poz la tandiske peyi Arab ak Mizilman yo mande yon seselfe tou suit pandan bilan viktim yo pami sivil Palestinyen yo ogmante 17 wotè apre pakèt bonbadman Izrayèl fè yo.

Otorite Ameriken yo ap chache mwayen pou pran tèt Izrayèl sou enpòtans estratejik respè pou règleman lagè yo epi pwoteksyon non-konbatan li. Yap eseye konvenk Izrayèl tou ke li dwe pèmèt yo ogmante livrezon asistans imanitè pou popilasyon sivil Gaza a.

Sepandan li pa klè si Netanyahu ap dakò pou fè poz tanzantan nan operasyon masiv Izrayèl lanse pou dechouke Hamas - ni si kòlè bò kote Palestinyen yo ak patizan yo tap soulaje si li te dakò pou fè sa.

See all News Updates of the Day

Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

U.S. Secretary of State Rubio visits UAE
U.S. Secretary of State Rubio visits UAE

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.

Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.

Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .

Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.

Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.

Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.

Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.

Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.

Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.
2025년 2월 20일 팔레스타인 무장정파 하마스가 이스라엘에 인계한 인질 시신 4구가 텔 아비브의 국립 법의학 센터로 이송되어 들어오고 있다.

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.

Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.

Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.

Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.

Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.

Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."

Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."

Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem
U.S. Secretary of State Marco Rubio visits Jerusalem

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.

Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”

Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.

Load more

XS
SM
MD
LG