Mwayen Oryan
Etranje Kouri Kite Izrael Apre Atak Hamas la

Nan moman kote Izrael kontinye atake Gaza kom reprezay pou atak sipriz Hamas lanse Samdi 7 Oktob la, etranje ki te nan peyi a ap kraze yon kite sa.
Yon gwoup jen jan Alman te nan otel yo nan Tel Aviv le sirenn yo te sonnen bone Samdi maten, dapre Gordon Wenzek, direkte gwoup jenes Essen nan. Li di yo pat reyalize sak tap pase o komansman, men yo te kouri soti osito yo te tande premye eksplozyon an.
"Nou rankontre sitwayen nan sousol la ak nan eskalye yo apre premye baraj la. Erezman yo esplike nou ki kote pou n ale pou nou ka an sekirite. Yo esplike nou kijan pou nou branche sou paj entenet Komandman Sekirite Nasyonal la. Sou paj la nou jwenn tout kalite enfomasyon sou sa pou nou fe. Nou tabli yon espez de gwoup pou veye lanuit ak la jounen, pandan yon gwoup tap domi, lot la tap veye e si nou te we yon bagay danjre nou te aveti tout moun. Sa te byen mache pou nou."
Jen jan Alman yo di yo te gen anpil difikilte pou kite Izrael e ke Anbasad Almay la te preske nil nan sans sa a. Sepandan vil Essen kote yo soti te oganize yon vol pou gwoup la tounen Almay an pasan pa Istanboul, Latiki.
Se Mekredi 11 Oktob la ke premye gwoup Brezilyen ki evakye Izrael te rive Brasilia nan granm ti maten.
Yon avyon Aviyasyon Brezil la transpote 211 pasaje tounen nan peyi yo. Gen yon lot 5 vol ki sipoze kite Izrael anvan 15 Oktob, dapre sa Ministe Afe Etranje Brezilyen an fe konnen.
Moun ki ateri Mekredi yo rakonte sa yo te we pandan atak ak zam Hamas la.
Vadir Alvez Reis te kontan tounen Brezil.
"Tout bagay te pase vit, mwen te pè anpil. Men Lendi nou te soulaje lèn resevwa nouvèl ki di Aviyasyon Brezil tap vinn sove nou. Sete yon bèl sovtaj. Tout moun te an sekirite."
Se 11 Oktob la tou ke premye vol imanitè a te rapatriye Meksiken soti Izrael. Yo te rive nan ayewopo entènasyonal Meksiko Siti a nan aswè.
Se fos zame Meksik la ki opere vol la - ki transpote 135 sitwayen Meksiken soti Izrael.
Moises Toacha pale ak Reuters sou pis aterisaj la.
" Yon siren bare nou nan lari e nou te oblije kouri antre nan yon abri. Le konsa ou konnen yon bagay ka tonbe men ou pa konn ki kote. Sete yon moman trè difisil men nou tounen lakay gras ak gouvènman Meksiken an."
Moun yo te chante pou remesye Fos Zame Meksiken an anvan yo te rankontre fanmi yo.
Gen 5,000 Meksiken kap viv Izrael e gen 300 ki mande otorite Meksiken yo mennen yo tounen lakay yo, dapre sa Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador fe konnen 9 Oktob.
Gen moun Azi tou ki te bloke nan konfli a.
Premye gwoup moun Tayland rive Bankok jodi 12 Oktob la. Gen youn ki tap travay Izrael ki rakonte kijan yo te resi chape apre Hamas te pran tire.
Katchakorn Pudtason tap travay Izrael:
"Youn nan zanmi m di m bese, bese yo frape nou. Nou te mande patwon nou transpote nou soti. Nan moman nou te nan machin ni, yo tap tire sou nou e sa te kontinye pandan lontan. Pandan nou tap eseye pwoteje tet nou, gen yon bal ki pèse machin nan."
Misye di yon zanmi pran bal nan figi. Li di gen 4 pami yo ki blese jou sa a.
Thailand evakye 41 moun ki tap travay Izrael abo yon avyon komèsyal. Pami yo te gen 15 gouvènman Tailandè a te priyorize akoz blesu yo e paske yo tap viv nan zon kote gen anpil risk.
Yon ekonomis Chinwa ki jwenn mwayen kouri kite Izrael esplike sa li te viv anvan li pati.
John Gong se vis prezidan banch Izraelyen Inivesite Entenasyonal Biznis ak Ekonomik la.
" Le m tap pati, sityasyon an te kalm ann Izrael. Men mwen te we yon bagay ki gen anpil siyifikasyon pou mwen ki se Izrael ap setenman mobilize. Mwen te we yon depo milite pa lwen kay mwen ki gen apepre 1,000 machin epi rezevis. Mwen kwe lap tre difisil pou Izrael fe yon kanpe oubyen redui operasyon sa a - akoz dimansyon li."
Misye di li te tounen Lachin Lendi.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters
See all News Updates of the Day
Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.
Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.
Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .
Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.
Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.
Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.
Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.
Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.
Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.
Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.
Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.
Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.
Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."
Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."
Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.
Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”
Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.