Pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal, Adam Hodge, di nan yon deklarasyon, "Lansman sa a se yon gwo vyolasyon plizyè rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an e li ogmante tansyon san nesesite e riske destabilize sitiyasyon sekirite nan rejyon an."
Mezon Blanch « Kondane ak tout Fòs » Dènye Lansman Misil Balistik Kore di Nò Fè a

Etazini di Mèkredi li "kondane ak tout fòs" dènye lansman yon misil balistik ki tire lwen, ke Kore di Nò fabrike, e li ekzòte Pyongyang pou l mete fen nan aksyon sa yo ki ap fè destabilizasyon epi vin chita bò tab negosyasyon.