Accessibility links

Breaking News

Yon Lekòl nan Nijerya Aksepte Fatra Resiklaj Kòm Lajan Lekòl Timoun yo


NIGERIA-WASTE/SCHOOL ROUGH CUT (CAPTION READY)
NIGERIA-WASTE/SCHOOL ROUGH CUT (CAPTION READY)

Nan Nijerya paran pote fatra resiklab pou peye frè lekòl timoun yo.

“Lè mwen te dekouvri yo te kapab kolekte plastik nan men mwen pou kenbe pitit mwen nan lekòl la, sa te soulaje fado mwen. »

Nan lane 2019, Pwofesè Lekòl primè kote Fawas Adeosun te ye anvan an, anpil fwa yo te mete l deyò paske manman l, Fatimoh, patka peye lajan lekòl li, jiskaske li te enskri nan yon lòt lekòl, My Dream Stead, ki te ofri yon nouvo solisyon – fatra resiklaj pou lajan lekòl. Yo transpòte Fatra a, yo peze li nan lekòl la epi yo ajoute valè yo nan kont Fawas.

Fatimoh Adeosun, 48 lane, ki fè cheve moun pou viv, di :

“Chak fwa m te pote l, yo ekri sa li peze, e lè sa te ase, yo te dim lajan lekòl pitit gason m nan kont. Pafwa si li vle achte rad espò, lekòl la ap di m 'ki kantite mwen bezwen ajoute pou konplete kantite lajan ki nesesè pou sa, e pou bagay tankou liv. »

My Dream Stead School, kote Fawas enskri kounye a, ki nan katye Ajegunle ki se yon katye pòv chaje ak kay, se youn nan 40 lekòl ki pa koute chè nan kapital komèsyal Nijerya a ki aksepte dechè resikle kòm peman. Isaac Success Omoyele se pwopriyetè lekòl la. Li te grandi tou nan katye sa a epi yo te konn mete l deyò lekòl tou. Li te pale pou di :

"Solisyon sa a vrèman vre ede plis timoun enskri nan lekòl, sa son bon bagay, kidonk nou te wè yon kokenn ogmantasyon nan kantite timoun ki vin lekòl. Nou te fè lekòl la sèlman nan yon apatman anvan. Men nou te oblije gen yon pi gran lokal paske gen plis timoun k ap vini vrèman e se yon pati nan vizyon nou ak rèv nou, pou nou wè tout bon kijan chak timoun ap ka jwenn bon jan kalite edikasyon.”

Lekòl la pote-kole ak Inisyativ Netwayaj Afriken an, yon òganizasyon ki ap defann anviwònman lokal e ki kolekte boutèy, bwat, bwat bwason ak veso plastik ke paran yo pote nan lekòl yo epi vann yo ap moun ki resikle yo.

FONDATÈ/CEO, AFRICAN CLEANUP INITIATIVE, ALEXANDER AKHIGBE, DI:

“Kantite timoun ki pa al lekòl nan kominote kote nou travay la vrèman diminye. Dezyèmman, pwòpte nan anviwònman kote n ap travay la amelyore anpil paske anvan, lè ou te rive nan kèk kominote kote nou travay, ou te wè boutèy tout kote epi pèsonn pa te okipe yo, men depi nou te kòmanse è travay sa a, yo wè kounye boutèy plastik kòm boukantay pou lajan lekòl pitit yo. Alò yo pa ka jete yo kounya. »

Se tout tan ou wè boutèy plastik, sachè plastik, anbalaj manje ak bwason ke moun jete e k ap flote nan kanal drenaj ki tou ouvè nan Lagos, yon vil ki gen plis pase 20 milyon moun kote yo jete fatra tout kote.

Dlo ki ap sikile nan vil la mennen nan Gòlf Ginen, sa ki lakòz gwo enkyetid sou kantite plastik k ap antre nan lanmè a.

Avèk pwojè sa paran yo peye lekòl nan My Dream Stead $130 pou yon lane epi lekòl la ap agrandi e li pwal gen yon dezyèm bilding pou nou ka resevwa 120 elèv li genyen kounya. Lè li te kòmanse nan lane 2019, li te gen sèlman 7 elèv.

Lè Fatimoh, 48 lane, sòt mennen pitit gason l lekòl l, li pwofite fouye poubèl yo nan lari a pou jwenn plis materyel resiklaj.

Li kontan kounya deske pitit gason l lan pa oblije kite lekòl anvan jounen an fini poutèt lajan.

Jeanty Augustin Junior Washington Pou VOA Kreyòl.

XS
SM
MD
LG