La Frans Kale Ostrali 4-1 nan Mondyal Qatar la
La Frans montre li ka bay bon rezilta san vedèt Karim Benzema nan Mondyal Foutbol Qatar la. Se konsa Kylian Mbappe make yon gol epi pare chimen an pou dezyèm gol Olivier Giroud a. Giroud make 2 gol pou ede chanpyon an tit La France kale Ostralie 4-1.

9
Franse Olivier Giroud resevwa akolad ko-ekipye li yo apre li make yon gol nan match La Frans kont Ostrali nan Gwoup D a nan Mondyal Qatar la, 22 Nov. 2022.

10
Olivier Giroud selebre apre li make yon gol nan Mondyal Foutbol Qatar la kont Ostrali nan Gwoup D a.

11
Kylian Mbappe fete apre li make 3em gol ekip La Frans nan match Gwoup D li kont Ostrali nan Mondyal Qatar la, 22 Nov. 2022.

12
Franse Antoine Griezmann pran balon an nan men Ostralyen Jackson Irving (a dwat) pandan match La Frans kont Ostrali nan Gwoup D a nan Mondyal Qatar la, 22 Nov. 2022.