Mwayen Oryan
Yon Rapò LONU pou Dwamoun di Se Fòs Sekirite Izrayèl Ki Te Egzekite Jounalis Shireen Abu Akleh

Komisyonè Dwamoun Nasyonzini konkli ke jounalis palestinyen-amerikèn Shireen Abu Akleh, ki te mouri 11 me pase a, te tonbe anba kout zam fòs defans Izrayelyen yo, dapre sa yon pòtpawòl fè konnen vandredi.
Ravina Shamdasani, pòtpawòl Komisyon Dwamoun Nasyonzini an, bay yon konferans pou laprès nan Jenèv kote li deklare:
"Tout enfòmasyon nou rasanble -ki gen ladan l vèsyon lame Izrayèl la ak pwokirè jeneral palestinyen an- konfime le fèt ke kout zam ki te touye Madam Abu Akleh e ki te blese kòlèg li, Ali Sammoudi, te sòti nan mitan sòlda izrayelyen yo e non pa nan mitan Palestinyen ame, kontrèman ak sa otorite izrayelyen yo te di o kòmansman. Nou pa jwenn okenn enfòmasyon ki ta fè konprann Palestinyen ame ki tou pre jounalis yo te poze okenn aksyon."
Shamdasani ajoute: "Mwen jwenn sa twoublan anpil ke otorite izrayelyen yo pa louvri yon ankèt legal sou afè sa a."
Jounalis vedèt Al Jazeera a te gen sou li yon jakèt avèk enskripsyon "laprès" ekri sou li ak yon kas nan tèt li lè l te resevwa yon bal anba kas la. Li te nan kan refijye Jenin nan, ki anba kontwòl Palestinyen yo kote fòs militè israyelyen yo t ap mennen yon operasyon.
Dapre pòtpawòl la toujou, "Komisyonè Dwamoun Nasyonzini an, Michelle Bachelet, kontinye mande otorite Izrayèl yo louvri yon ankèt kriminèl sou lanmò Madam Abu Akleh ak lòt asasina ak blese grav sòlda Izrayelyen yo te komèt nan Si-Jòdani nan kad yon operasyon pou fè respekte lalwa nan Gaza."
Daprè Komisyon Adjwen l ONU an, depi kòmansman ane 2022, manm lame Izrayèl la touye 58 Palestinyen nan Si-Jòdani; pami viktim yo gen 13 timoun. Shamdasani fini pa di:
"Lwa entènasyonal sou dwamoun mande ouvèti yon ankèt rapid, apwofondi, transparan, endepandan ak san patipri sou nenpòt itilizasyon fòs ki te lakòz lanmò oswa blesi grav. Responsab zak sa yo dwe rann kont pou sa yo te fè."
See all News Updates of the Day
Rubio di Hamas Pral 'Detwi' Si Yo Pa Libere Tout Otaj Izraelyen yo

Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio lanse gwo bout tonton avètisman Samdi bay gwoup Hamas la.
Li avèti gwoup la, lap "detwi" si li pa "kontinye" lage tout otaj li kenbe nan Strip Gaza a, li denonse tou lanmò yon fanmi Izraelyen ki te nan men mouvman islamis la.
Sekretè Deta a te di sou X "Tretman Hamas bay otaj yo, ki gen ladan asasina brital fanmi Bibas yo, montre kòman yo trete otaj sa yo yon fason ki sovaj e se yon lòt rezon ki fè nou di teworis sa yo dwe lage tout otaj yo imedyatman oswa yo dwe detwi," .
Izrayèl Idantifye Rès Kò Timoun Otaj yo, Men Lòt Kò Hamas Remèt la, se pa Manman yo

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Lame Izrayelyèn di li idantifye rès kò de timoun otaj, men lòt kò Hamas te remèt pa manman ti mesye yo.
Militan Hamas te remèt kat kò jedi pandan yon trèv nan lagè ki kòmanse depi plis pase 15 mwa.
Izrayèl konfime youn nan yo se Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l pandan atak Hamas la ki te kòmanse lagè a an 2023.
Lame a di pita yo idantifye rès kò Ariel ak Kfir Bibas, men dènye kò a pa t manman yo, Shiri Bibas, ni okenn lòt otaj.
Yo deklare echèk pou retounen kò kat otaj yo jedi se yon vyolasyon grav akò sispansyon lagè a.
Hamas Remèt Kò 4 Otaj Izrayelyen, Pami yo yon Manman ak 2 Pitit li yo

KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Gwoup militan an di li remèt kadav Shiri Bibas ak de pitit li yo, Ariel ak Kfir, ansanm ak Oded Lifshitz, ki te gen 83 lane lè yo te kidnape l. Kfir te pi piti otaj yo te pran jou sa a.
Hamas deklare tou lè kat yo te mouri nan frap ayeryen Izrayèl yo.
Militan yo te mete kat sèkèy nwa sou yon sèn nan Bann Gaza jedi, ak drapo toutotou, anvan yo te remèt yo bay Lakwa Wouj.
Rubio di Relasyon Washington ak Moskou ta Ka Ranfòse Apre Lagè Ikrèn nan

Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre kont pati li a Ris nan Riyad ke relasyon ant Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn te fini.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te di madi apre li te rankontre tokay ris li a nan Riyad ke relasyon Washington ak Moskou ta ka ranfòse si lagè nan Ikrèn nan fini.
Msye Rubio di repòtè yo, "opòtinite egziste pou nou kapab gen yon patenarya" ak Larisi, men li te ajoute ke "pou sa fèt, se ta apre konfli sa a."
Nan menm chita pale sa a ak laprès, Marco Rubio te bay plis detay sou chita pale yo, li te deklare "Bon, premye bagay m ta di sè ke nou antann nou sou kat prensip mwen panse ki enpòtan. Dabò, nou pral travay. Nou pral chwazi ekip nou yo, kap travay trè vit pou re-evalye fason misyon 2 peyi nou yo ap fonksyone nan Washington ak Moskou. Pou n ka kontinye vanse nan direksyon sa a, fòk nou gen enstalasyon diplomatik k ap opere e k ap fonksyone nòmalman."
Netanyahu Bay Siy li ap Mache ak Plan Trump pou Wetire Palestinyen yo nan Gaza

JERIZALÈM (AP) — Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, bay siy li ap mache ak pwopozisyon Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou transfere popilasyon palestinyen an soti nan Gaza. Netanyahu dekri sa kòm “sèl plan ki posib pou pèmèt yon avni diferan” pou rejyon an.
Li te diskite sou plan an dimanch ak Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, ki t ap kòmanse yon vizit nan Mwayen Oryan an. Rubio apiye objektif lagè Izrayèl la nan Gaza epi li deklare Hamas “dwe elimine.”
Sa mete plis dout sou yon trèv ki deja frajil, paske dezyèm faz negosyasyon yo poko kòmanse. Rubio pral vizite kèk gwo aktè rejyonal, tankou Arabi Saoudit ak Emira Arab Ini.