Pandan yon vizit 2 jou nan peyi End ke Premye Minis Britanik la te vize pou ranfòse koperasyon bilateral yo, li te fè deklarasyon sila sou lagè Ikrèn lan:
"Putin gen yon gwo lame, (...) li te fè yon erè katastwofik e sèl opsyon li genyen kounye a se kontinye eseye sèvi fòs li a, pou kraze Ikrenyen yo".
Boris Johnson: "Putin Gen yon Gwo Lame, Lagè a ka Kontinye Jouk nan Fen Ane 2023

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, te dekri kòm yon posiblite pou lagè a nan Ikrèn kontinye jiska fen ane 2023 akòz detèminasyon Larisi genyen pou kontinye ofansiv li.